Ekip U20 Maskilen an antre nan dènye semèn preparasyon li nan vil Wanament, nan depatman Nòdès peyi a. Nan kad preparasyon sa a, li te jwe yon lòt match zanmitay kote li ranpòte yon bèl viktwa 5-0 sou ekip Akademi Foutbòl Zetwal Twou di Nò (AFET), madi ki te 17 fevriye 2025 lan.
Se te yon bèl okazyon pou jèn Grenadye nou yo montre talan yo ak kapasite yo sou teren an.
Men non jwè ki make gòl yo :
• John Peter Charles
• Franco Célestin
• Elikenson Jean
• Exantus Garvens
• Xavier Belot
Apre viktwa kont ASLG (2-0) ak Aigle Noir U20 ( 1-0), sa fè 3yèm viktwa pou jèn Grenadye yo nan kad preparasyon pou premye faz eliminatwa Mondyal U20 FIFA.
*Ayiti U20-Viktwa 2-0 nan match zanmitay*
Seleksyon Nasyonal Ayiti U20 Gason an ranpòte yon bèl viktwa 2-0 sou Académie SLG, mèkredi 11 fevriye pase a, nan yon match zanmitay ki antre nan kad preparasyon li pou vwayaj li pral fè nan peyi Kiraso. Ekip la ap gen pou l patisipe nan premye faz eliminatwa Zòn Concacaf la pou kalifikasyon Mondyal FIFA nan kategori U20 an.
Se Amstrong Leconte ki te louvri mak la nan premye mitan an, tandiske Alcimé Arthur te double avantaj la nan dezyèm mitan an pou jèn Grenadye yo.
Seleksyon an te sou tèren samdi 14 fevriye a pou yon lòt match preparasyon kont Aigle Noir AC nan objektif pou kontinye preparasyon li.
Nan kad patisipasyon li nan premye faz kalifikasyon Concacaf pou Koup di Mond FIFA a, ki pral dewoule nan peyi Kiraso, ekip nasyonal gason U-20 an ap kontinye preparasyon li nan Wanament, aprè Pòtoprens.
Centre à la UNE