Nou pa nan yon lòt peyi, nou an Ayiti : Etazini mete 1 milyon dola sou tab la pou bay tèt Izo, ki se chèf gang 5 Segonn. Aprè chèf gang Vitelhomme Innocent, Lanmò San Jou, fwa sa se Izo.

Otorite amerikèn yo anonse, mèkredi 18 fevriye 2026 la, yon ranfòseman nan aksyon yo kont chèf gang ayisyen an Johnson André alyas Izo. Se pa entèmedyè pwogram Rewards for Justice, ki plase sou responsablite Depatman Deta Etazini epi ki jere pa Sèvis sekirite diplomatik, yon prim ki kapab atenn yon milyon dola ameriken dezòmè pwopoze pou tout enfòmasyon ki pèmèt yo idantifye l, lokalize l oubyen fasilite arestasyon Izo.

Pi lwen, Wachinnton mande tout moun ki dispoze enfòmasyon itil pou yo kontakte pwogram Rewards for Justice pa mwayen aplikasyon Signal, WhatsApp oubyen Telegram, nan nimewo.+1-202-702-78-43.

Nou pa nan yon gran peyi, nou nan yon ti peyi #Ayiti : gran peyi Etazini mete 1 milyon dola disponib pou tout moun ki bay enfòmasyon ki kapab ede yo arete chèf gang Johnson André alyas Izo.

Kite nou raple, nan yon piblikasyon yo fè nan dat 18 jiyè 2025, Anbasad amerikèn an Ayiti di #FBI ap chèche aktivman teworis Lanmò San Jou. Anbasad la di gen milyon dola pou moun ki fasilite arete chèf 400 Mawozo a. USEmbassyHaiti di teworis la distribiye lajan pou manipile popilasyon an.

An nou wè yon seri evènman ki te make lane 2025 lan. Eksplozyon dwòn kamikaz nan baz gang << 5 Segond >> lakòz plizyè dega materyèl ak moun fèt : yon premye bilan ki pa total pale de dega materyèl ak moun, sitou kèk blese pami sòlda yo, daprè sa plizyè medya lokal te rapòte. Plizyè dwòn kamikaz te lanse nan aprèmidi dimanch 25 me 2025 lan nan direksyon baz gang <<5 Segond>>, ki chita kò l nan Vilaj-de-Dye.

Nan atak sa a, chèf gang Johnson André alyas Izo pa blese, kontrèman avèk enfòmasyon ki t ap sikile. Pa kont, prèske yon trantèn solda Izo te blese pandan frap avèk dwòn yo, daprè Pierre Espérance, direktè egzekitif Rezo nasyonal dwa moun nan (RNDDH). Li presize aprè atak la, Polis nasyonal la mennen divès operasyon nan sant-vil la, ladan yo plizyè pòs peyaj te rive totalman kraze.

Pandan tan sa, lapolis dominikèn remèt Polis Nasyonal Ayiti (PNH), samdi 14 jen 2025 lan, Fleur Sténio, Roudley Étienne ak Sony Pierre yo arete pandan yo te ale achte dwòn kamikaz an Repiblik dominikèn. Mesye sa yo ki nan men DCPJ, deklare bay lapolis se pou chèf gang Vilaj-de-Dye a, Izo, dwòn yo t ap ye.

Yon lòt kote, Inyon ewopeyèn (UE) sanksyone ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, ansyen senatè Youri Latortue ak Rony Célestin, daprè yon kominike ki pibliye lendi 15 desanm 2025 la pa òganizasyon rejyonal la. Gang << 5 Segond >> Johnson André alyas Izo ap dirije frape tou pa mezi sa yo.

Inyon ewopeyèn afime Michel Martelly ak Youri Latortue ame ak finanse plizyè gwoup gang nan objektif pou sèvi enterè politik, pèsonèl ak ekonomik. Rony Célestin li menm bò kote pa l akize enplikasyon nan vyolans lye a gwoup ame yo, kontrebann, epi tou li òkestre asasina jounalis Néhémie Joseph ki te konn denonse aktivite ilegal li yo.

Si Etazini konsanti pou mete gwo lajan deyò pou rive arete chèf gang ayisyen yo, kisa ki fè jouk jodi a okenn chèf gang pa janm arete ?

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841