Kenya ap voye yon delegasyon Ayiti semèn ki ap vini laa pou evalye sitiyasyon jiridik e diplomatik fòs miltinasyonal la. Se Minis zafè etranje Kenya a Musalia Mudavadi, ki fè revelasyon an jedi devan komisyon sekirite paleman an.

Delegasyon sila a ap genyen pou rankontre otorite Ayiti. Yo pa presize konbyen jou delegasyon ap fè Ayiti.

Selon sa divès medya Kenyen yo rapòte Gouvènman Kenya deja valide deplwaman polisye yo ki ap fè pati fòs la. Li rete pou paleman an kounye a deside.

Depi 10 oktòb 2023 a nou te deja voye nan « Nandi Hills » 200 polisye elit antrene pou fè fas ak defi yo Ayiti. Se konsa Japhet Koome ki se enspektè jeneral polis Kenya te pale nan reyinyon validasyon an.

Ap genyen 1 000 ajan ki ap chwazi nan inite deplwaman rapid, inite anti vòl, inite sèvis jeneral, inite patwouy fwontalye

Paralèlman polisye yo ki ka kòmanse antre Ayiti an Novanm kontinye ap antrene.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841