Atravè USCIS, administrasyon Trump lan mete sou poz tout aplikasyon tankou TPS, ajisteman estati (marye pou jwenn rezidans) benefisyè yo nan « Pwogram Biden » nan te soumèt bay imigrasyon, pou pèmèt yo rete nan peyi a aprè 2 lane pwogram nan te garanti yo a.

Daprè yon atik jounal @CBSNews pibliye 19 fevriye 2025, Administrasyon Donald Trump la mete sou poz demand imigrasyon moun ki te antre nan tout pwogram imigrasyon Prezidan Joe Biden te vini ak yo.

jounal la presize pou di se pa yon poz definitiv men se tanporè, paske yo estime gen moun ki mal antre Ozetazini nan pwogram sa yo, demand imigrasyon yo se: TPS, Azil, aplikasyon residans, elatriye, sa vle di si yon moun ou te antre nan pwogram imanitè Joe Biden yo, si ou te soumèt yon demand pou Azil oswa TPS li kapab pran plis tan pa rapò ak tan sa te konn pran deja, paske yo pral analize demand la pou yo wè eske pat gen okenn fwod oswa magouy ki te fèt lèw tap antre Ozetazini, men sa pa vle di yap rejete demand Azil ak TPS oswa rezidans ki an kou yo.

Atik la kontinye pou di poz la ap pran ti tan pou gade si gen moun ki antre ki pa reprezante yo menas pou sekirite enteryè peyi a epi yo pral amelyore pwosedi verifikasyon yo . Depateman sekirite enteryè ameriken poko pibliye okenn avi oswa nòt sou sa.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841