Sekretè Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres deklare Mèkredi li pral prezante kèk plan pou misyon entènasyonal pou Ayiti a pi ta mwa sa a. Guterres fè deklarasyon an nan la Barbad kote lap asiste rankont CARICOM nan.

Guterres di « Fòk nou kontinye travay pou mete an plas yon pwosesis politik – ke Ayisyen dirije – ki restore enstitisyon demokratik yo atravè eleksyon.

Sekretè Jeneral la di li gen entansyon prezante bay Konsèy Sekirite a yon plan ki sanble anpil ak plan li te prezante pou Somali, kote LONU pran responsabilite pou depans striktirèl ak lojistik ki nesesè pou mete fòs miltinasyonal la an plas. Yon trust fund ta jere salè manm fòs la.

Jodi vandredi 21 fevriye 2025 lan, sekretè jeneral la ap genyen yon reyinyon pòt fèmen ak manb CARICOM yo sou sitiyasyon Ayiti a

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841