Aprè gwo tansyon kite gen ant 2 Prezidan yo Zelensky ak Trump nan dat vandredi kite 28 fevriye a ki te menm lakòz Trump anile chita pale li ak omològ Ikrenyen an Zelensky,tou swit li rann li nan peyi Angletè pou chache apui poul ka kontinye batay ak Ris yo. Kontrèman ak rankont Wachintonn lan, rankont ak Ewòp la byen pase daprè sèvis kominikasyon yo.

Emmanuel Macron, Prezidan Fransè a, nan yon diskou 15 minit li fè 5 jou aprè mezantant 2 Omològ yo, deklare yo prezan an Frans e sou tout kontinan ewòp la, paropò ak yon ansanm mezi Dirijan Ris yo prevwa pou ogmante lame yo disi 2030 tankou; 40% bidjyè nasyonal la dwe ale nan zafè militè, 300 000 soldò siplemantè, 3000 cha de gè ak, 300 avyon gè.
Emmanuel eksprime dout suit ak mezi Risi ap pwone la yo , èske èske Poutine ap rete sou batay ak IKRÈN sèlman.

Yon lòtbò , Prezidan Fransè a nan menm diskou a lanse yon mesaj pou di chemen ki mennen lapè pa dwe abandone Ikrèn, men ede l reziste jouk li rive jwen yon lapè pou tèt li ak pou nou.

Avni ewòp paka tranche nan Wachinton ak Moskou

Lè nou raple nou 3 mas pase a Prezidan ameriken Donald Trump te bay lòd pou kanpe tout èd militè peyi li te kon bay Ikrèn pou kontinye batay ak Ris yo, toujou daprè prezidan Fransè a.

Plizyè espesyalis nan domèn syanszimèn ak soyal yo kwè se yon mesaj ki adrese dirèk ak Trump, lè nan bat bouch Trump ak Zelensky, Prezidan Ikrenyen an te di Trump : »omològ ou poko santi gè a kounya men enpak yo ap rive sou ou » eske apwòch prezidan Fransè gen pou wè ak deklarasyon sa tou?

Joseph Samuel GUILLAUME

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841