Depi kèk tan, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) tabli yon sistèm prezidans tounan chak 5 mwa pou dirije peyi a. Dènye chanjman ki fèt la, kote Fritz Alphonse Jean ranplase Leslie Voltaire kòm Prezidan KPT a, pote yon nouvo dinamik politik. Men, malgre bon entansyon dèyè demach sa a, gen anpil kesyon k ap poze sou enpak li sou estabilite peyi a ak bon jan fonksyònman enstitisyon yo.

Prezidans ti pas kout: Yon zouti demokratik oswa yon risk enstabilite ?
Prezidans ti pas kout an ka sanble ak yon mwayen pou evite konsantrasyon pouvwa a nan men yon sèl moun epi pou bay plizyè aktè politik yon chans pou yo kontribye. Anplis, li pèmèt yon sèten ekilib ant diferan tandans politik ki nan Konsèy la. Sepandan, chanjman chak 5 mwa yo ka pwovoke yon kontinite politik ak administrativ ki fèb. Chak nouvo lidè ka gen pwòp vizyon ak priyorite pa l, sa ki kreye yon dezòd nan pwogram ki te deja lanse yo.

Fòk kontinite a pase anvan enterè pèsonèl
Chak enstalasyon yon nouvo prezidan akonpaye ak nouvo diskou, nouvo pwomès ak souvan nouvo estrateji. Men, èske nou ka konstwi yon nasyon sou baz deba kontinyèl ak chanjman konstan? Pou pwogram sekirite, refòm konstitisyonèl ak òganizasyon eleksyon yo reyisi, fòk gen yon kontinite nan aksyon yo. Sa mande pou chak prezidan k ap pase nan KPT a respekte estrateji ki te deja fikse yo, epi limite chanjman kaprisye nan plan travay la.

Yon konsansis politik ijan
Malgre fòs Prezidans tounan an, li nesesè pou aktè politik yo rive jwenn yon konsansis pou asire pwojè enpòtan yo pa toujou kòmanse depi nan premye etap lè gen yon nouvo chanjman. Ayiti bezwen yon vizyon alontèm ki pa depann sèlman de yon sèl moun oswa de yon sèl manda kout. Yon dokiman estratejik ki defini objektif nasyonal yo, endepandamman de kilès k ap prezidan KPT a, ta ka yon bon demach pou evite pèdi tan ak resous.

Eske yon chanjman nan dyalòg politik la posib?
Li enpòtan pou Konsèy la mete sou pye yon estrikti ki asire tout nouvo prezidan akonpli travay li nan menm liy ak sa ki te deja kòmanse yo. Epitou, plis transparans nan tranzisyon pouvwa yo ka ede diminye konfizyon e ogmante konfyans popilasyon an. Si chak prezidan ki pase pote pwòp ajanda li san konsidere sa ki te deja la, se yon ratman tan ak resous, pandan popilasyon an rete viktim ensekirite, chomaj ak kriz ekonomik.

Annavans ak bon sans
Se vre, Prezidans ti pas kout chak 5 mwa a se yon mwayen pou evite dikta ak pou bay tout aktè yo yon espas pou yo kontribye. Men fòk sa fèt nan yon kad byen estriktire, kote linite, kontinite ak vizyon alontèm ap pran plas politik okazyonèl ak enterè pèsonèl. Si yo rive jwenn yon ekilib ant chanjman regilye yo ak kontinite nan aksyon yo, petèt Ayiti ka sòti nan sèk visye enstabilite sa a.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar