Nan anpil zòn nan peyi a, sitiyasyon gang yo ap vin de pli zan pli grav. Vil yo, ki te sipoze se kote lavi ap boujonnen, tounen espas ki tonbe nèt anba dominasyon gang. Se yon fenomèn ki ap repete, kote gang ame ap pran kontwòl sou espas piblik yo, rive mete men sou espas prive yo, pandan popilasyon an ap viv san okenn sekirite.
Yon lòt dimansyon dramatik nan reyalite sa a, se solidarite ki te egziste natirèlman ant vil ak pwovens, k ap vin tounen yon mezi de nesesite. Moun ki soti nan diferan zòn, ki te konn viv anpè, jounen jodi a, ap fè fas ak menm difikilte. Lè moun ki soti andeyò antre lavil, yo jwenn tèt yo anfonse nan menm chenn ak sitwayen ki te deja la: yon vil ki anba zam, anba laperèz, ak kote gang yo ap gen plis pouvwa chak jou.
Sitiyasyon sa lakòz anpil moun k ap kouri tounen lakay yo pou chèche refij pa menm sonje chemen. Gen ladan yo ki pa gen fanmi ki rete toujou andeyò, oubyen yo te abandone tout bagay depi lontan. Moun sa yo ap tonbe nan plis mizè, paske pa gen jaden, pa gen anyen ki ka soutni yo. Si pa gen yon fanmi bon kè ki akeyi yo, se soufrans k ap tann yo. « Kafe a san lèt, ma a koule, » jan nou ta di nan lang pèp la.
Yon lòt aspè ki pa ka neglije, se lefèt ke anpil ladan yo te vann tout sa yo te posede nan pwovens yo: bitasyon, kay, jaden, tout sa, sou preteks ke lavi lavil pi “eklere”, pi modèn. Yo menm rive meprize oswa vire do bay fanmi yo ki te rete nan zòn riral, tankou si rete nan pwovens se te yon wont. Men reyalite peyi d Ayiti demanti tout sa: pa gen pi bon vi lavil, lè lavil la vire lanfè.
Èske se mank edikasyon ki fè anpil moun kwè ke si w pa viv lavil, ou pa eklere? Petèt. Se poutèt sa li enpòtan pou gen yon kanpay edikasyon sivik nasyonal, dèske sou ban lekòl, pou ede popilasyon an konprann valè ak potansyèl lavi nan pwovens yo. Olye nou kouri kite zòn riral yo, se pou nou devlope yo, mete limyè kote ki fè nwa.
Leta santral la, li menm, gen gwo responsablite nan tout sa. Gouvènman yo pa t janm mete kondisyon pou moun ki rete andeyò santi yo egziste: pa gen sant sante, pa gen bon lekòl, pa gen wout, pa gen dlo potab, pa gen elektrisite. Moun yo oblije desann lavil pou pi piti sèvis, epi ti kras pa ti kras, y ap rale fanmi yo, mete tèt yo lavil — kote malè a vin mete rasin.
Men jounen jodi a, kriz ensekirite a tèlman ap vale teren, li vin tounen yon dosye ki pa gen limit: vil pa vil, zòn pa zòn, katye pa katye, gang yo ap frape, ak moun k ap fouye kote pou kache. Se sak fè, li pa itil kouri. Ou ka kouri kite zòn ou jodi a, demen se lakay ou n ap frape. Se poutèt sa, li nesesè pou popilasyon an leve kanpe, fè yon leve kanpe nasyonal pou di ase!
Foul pa kanpe, foul ka netralize nenpòt fòs, men se lè nou ini. Lè w kouri kite zòn ou, ou lage l pou l fin nwaye. Lè malè a vin jwenn ou poukont ou, kiyès k ap ede w?
Se konsa kominote yo vin divize plis. Vil ak pwovens, ki te konn kenbe lyen solid, vin tounen opozan. Moun pè pou resevwa moun ki soti lòt kote, paske yo pa pare pou asime ensekirite lòt yo pote. E, pandan sa, gang yo ap kontinye ap vanse — san baryè, san fwon. Chak atak yo fè, se plis feblès pou pèp la, plis pè, plis silans.
Gang yo gen plis pouvwa pase gouvènman. Se reyalite. Yo pi òganize, yo pi ame, yo pi pre popilasyon an — menm si se pou fè mal. Ni otorite leta a, ni sosyete sivil la pa parèt tankou yon veritab fòs opoze. Kidonk, fenomèn gangterizasyon peyi d Ayiti a se pa yon ti koze. Se yon mal k ap gaye tankou dife nan panye pay.
Se pou sa, nou mande: Ki kote lidèchip lan ye? Ki kote plan nasyonal la ye? Èske nou ap tann tout pèp la fini pou nou di “nou regrèt”?
Lè sa a, li ka twò ta.
Florince FRAGILE, Centre à la Une