Jedi 3 avril 2025 pase a te make egzakteman 14èm mwa depi sa te anonse Ayiti ap resevwa 6 elikoptè nan men Kore di Sid, yon fason pou ede misyon peyi Kenya ap dirije Ayiti a fè deplasman yo ak plis fasilite.

Nan dat 3 fevriye 2024, jounal Le Nouvelliste te rapòte Kore di Sid te remèt 6 elikoptè 500MD bay otorite peyi Kenya yo, kòm yon kontribisyon pou patisipe nan efò k ap fèt pou lapè renye ann Ayiti, atravè peyi Kenya ki te sou wout pou dirije misyon sekirite nan Ayiti.

Elikoptè sa yo te deja sèvi nan lame Koreyen an, e yo te fè pati yon angajman pi laj kote Kore di Sid te pwomèt pou li bay jiska 16 elikoptè pou misyon lapè. Dapre sa ki te di, 10 lòt elikoptè sipoze te vini an koperasyon sere ak Etazini ak Nasyonzini.

Men jounen jodi a, kesyon ap poze tout kote:
Ki kote elikoptè sa yo ye?
Èske yo rive nan men fòs Kenyen yo?
Èske yo bloke lakay Nasyonzini?
Oswa yo deja ale ann Ikrèn?

Pandan pèp Ayisyen an ap viv anba dominasyon gang, kote kadav ap pouri nan lari, kote timoun pa ka ale lekòl, kote fanm ansent ap akouche san asistans, nou poko janm wè okenn tras elikoptè sa yo sou syèl Ayiti.

Èske se ankò yon lòt prèv ke Ayiti pa priyorite? Èske se montre ke sa n ap viv la se jis yon fichye diplomatik nan men gwo pouvwa yo?

Pèp Ayisyen an gen dwa mande kote èd la pase.
Gen dwa mande pou transparans.
Gen dwa mande: Ki kote zam, elikoptè, lojistik ki sipoze ede nou yo ye?

Centre à la Une ap kontinye poze kesyon yo.
Paske sa pèp la bezwen, se pa anons. Se aksyon.
Se pa blòf sou papye. Se chanjman sou tè a.

Joseph Samuel Guillaume, Centre à la UNE

KoteEkipmanYo #NouVleVerite #AyitiSePaPousyè

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841

Laisser un commentaire