Federasyon Ayisyèn Foutbòl Ayisyen an, FHF, anonse dimanch 27 avril 2025 la yo fini ak premye faz pou detekte jwè pou fòme seleksyon Ayisyèn U-15 lan, pou ale jwe chanpyona maskilen, jwè ki gen mwens pase 15 lane yo. Yo anonse aktivite sa ap rive nan divès lòt rejyon.

Sitwayen yo nan divès kwen ann Ayiti pa sispann mande èske fason peyi a ye la a foutbòl ta dwe priyorite dirijan yo. Konsa tou genyen ki etone tande jiska jodi a, avril 2025, genyen chanpyona nasyonal nan peyi a.

Plizyè jwè ak jwèz nan ekip nasyonal Ayisyèn yo k ap evolye aletranje, fè pale de AYITI tout kote yo pase. Se ka, pa egzanp, de Melchie Daëlle Corventina Dumornay (Olympic Lyonnais), Frantzdy Pierrot (AEK Athènes), Dukens Nazon (Kayserisport), Fabrice Picault (Miami Inter) Nérilia Mondésir (OL Reign), Lourdjina Etienne…

Ant ann Ayiti ak aletranje, seleksyon nasyonal, klèb jwè ak jwèz Ayisyen yo fè anpil aktivite pou kenbe Ayiti byen vivan fas ak monte galopant ensekirite a sa fè lontan nan peyi a:

Melchie Dumornay eli meyè jwez pou mwa mas 2025 la nan premye Lig feminen an nan peyi Lafrans, kote anpil moun rete kwè Melchie sou bon wout pou li ta balon dò pou sezon sa a.

Nan kad ½ final retou « Ligue des champions » an ki jwe dimanch 27 avril la, malgre ekip Lyon an elimine, sa pa anpeche Melchie Dumornay make grenn gòl Lyon an nan 81′. N ap note, pou  » champions league » sezon sa Melchie make 6 gòl, li bay 2 pas gòl pou 9/10 match li jwe, li pa pran pyès katon epi li gen yon kot 8,0.

Federasyon Ayisyèn Foutbòl Ayisyen an, FHF, anonse dimanch 27 avril la yo fini ak premye faz pou detekte jwè pou fòme seleksyon Ayisyèn U-15 lan, pou ale jwe chanpyona maskilen jwè ki gen mwens pase 15 lane yo. Yo anonse aktivite sa ap rive divès lòt rejyon.

Federasyon Foutbòl Ayisyen an te anonse yon chanpyona spesyal li rele « D1 Haïtienne de football », ki te kòmanse samdi 2 mas 2024 la aprè prezidan Jovenel te fin kanpe chanpyona nasyonal yo lakòz maladi COVID-19 la. Jiskaprezan an avril 2025, yon lòt edisyon nan chanpyona sa a t ap jwe.

N ap note, nan kad rezistans k ap fèt nan mond foutbòl Ayisyen an fas ak deteryorasyon ensekirite a ann Ayiti, 2 jwè Ayisyen Melchie Dumornay ak Jeff Louis te pale ak chèf gang Viv Ansanm yo pou yo bay Mibalè ak rès peyi a libète, nan sousi pou Ayisyen kapab rale yon souf.

Finalman, èske nou pa ka kontinye sèvi ak sektè aktivite Ayisyen yo, patikilèman foutbòl la pou nou sove peyi a ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841