Yon reprezantan Hyde Park Ozetazini di gen yon pwodiksyon, daprè sa l di, ki fèt san otorizasyon mak corn flakes sa a ann Ayiti. Afè sa a kounye a nan mitan yon batay lajistis.
Hyde Park sanble se youn nan mak corn flakes ki pi popilè ann Ayiti, men kèk konsomatè remake gou a pa menm ankò. « Li te pi bon avan, yo repase li », se sa yon itilizatè ki rele “BiBiepriv” ekri sou TikTok nan mwa desanm ki sot pase a.
Nan plizyè makèt ann Ayiti, pwodwi a toujou ap montre drapo ameriken an epi li kenbe menm aparans ak sa yo vann nan Walmart oswa Amazon Ozetazini — men gen yon diferans : bwat yo vann ann Ayiti mete Port-au-Prince kòm kote yo fabrike li, san yo pa site non faktori a.
Nan kominikasyon ak ajans nouvèl AyiboPost, yon reprezantan Hyde Park Ozetazini pale de yon “fos pwodiksyon” mak la ann Ayiti. Responsab pwodiksyon lokal yo, sepandan, konteste sa.
Konpayi Caribbean Food Manufacturing (CFM), ki se pwopriyete antreprenè John Batroni, ap fabrike Hyde Park ann Ayiti “depwi plis pase dis lane san okenn opozisyon”, dapre avoka li, Me Yvan Richard Maurasse.
Lè yo mande si te gen yon akò ant mak ameriken Hyde Park ak CFM, avoka a pa reponn. Li ajoute: « Si yo te anrejistre mak la, yo dwe prezante anrejistreman an. »
Ka a poko jwenn jijman, men reprezantan Hyde Park Ozetazini di CFM pa janm resevwa dwa pou fabrike oswa distribye pwodwi a. Si CFM ap fabrike li vre, sa ta “ilegal”, li kontinye, e li pale de “aksyon legal” k ap fèt an deyò laprès, san li pa bay plis detay.
Jerry Martino, yon biznisman ki te anrejistre Hyde Park ann Ayiti depi 2004, mouri an 2020. Avan li mouri, li te sipoze vann mak la bay yon mesye ki rele Gamal Mildor, ki te remèt li bay antreprenè Guy-Michel Clérié nan konpayi Safi Trading S.A.
Nan yon imèl bay laprès, reprezantan Hyde Park Ozetazini di li te bay Martino dwa pou anrejistre mak la. Dapre li, Martino te sispann achte pwodwi a akoz pri ki t ap ogmante. Apre lanmò Martino, Clérié ta vin distribitè eksklizif mak Hyde Park ann Ayiti, e tout bagay « an règ », dapre deklarasyon li.
Direksyon Afè Jiridik nan Ministè Komès ak Endistri di yo rekonèt dwa konpayi Safi Trading S.A. sou mak Hyde Park jiska lane 2034, selon sa Me Danovald Charles, direktè depatman sa a, di ak dokiman AyiboPost jwenn.
« Anrejistreman mak Hyde Park lan se nan non Safi Trading li ye », dapre Me Charles, ki eksplike se desizyon pasasyon dwa ki te fèt devan notè ki te pèmèt sa.
Nan yon manda ki akize Clérié pou difamasyon, ke AyiboPost jwenn, konpayi an denonse sa li rele yon « tantativ mal fèt » bò kote biznisman an pou fè kwè li se pwopriyetè mak Hyde Park la. Manda a mansyone tou yon desizyon Direksyon Afè Jiridik Ministè Komès lan sou dosye a.
AyiboPost voye pati nan manda a bay Me Danovald Charles pou reyaksyon. « Mwen wè dokiman sa tankou tout lòt moun epi mwen rezève tèt mwen pou pa fè okenn kòmantè », li reponn. AyiboPost pa t kapab verifye egzistans desizyon sa anvan piblikasyon an. Clérié di li pa janm resevwa desizyon an. Li di li te mande l plizyè fwa nan men Ministè a, san siksè.
Pa klè si se menm desizyon ki soti nan mwa desanm 2024 ke Me Maurasse te site kòm sa ki “mare tout pati yo” e ki ta voye dosye a devan tribinal komès, dapre deklarasyon li. Avoka a di li pa otorize bay dokiman sa yo piblikman. Si li chanje pozisyon, atik la ap mete ajou.
CFM se yon gwo konpayi ayisyen ki gen 70 anplwaye lokal, dapre sit entènèt li. Se dezyèm pi gwo konpayi k ap fè sereyal pou dejene nan Karayib la. Li fabrike depi plis pase 10 lane nan zòn Croix-des-Bouquets, epi li distribye nan Ayiti ak nan prèske dis lòt peyi.
CFM deja fabrike corn flakes ki rele Bongu, ki se mak gwoup Deka. Yon rapò Nasyonzini soti an 2023 di li gen prèv ke Reynold Deeb, yo prezante kòm direktè konpayi an, te finanse manm gang. Mesye sa a, ki gen koneksyon politik, te deja sou sanksyon gouvènman Kanadyen.
Jiska jounen jodi a, pa gen okenn tribinal ann Ayiti ki kondane Deeb pou akizasyon sa yo.
Pou mete fen nan konfli a, CFM mete tèt li nan men lajistis. Men, pou Guy-Michel Clérié, sa depase kesyon lajan.
« Mwen ap defann yon prensip, paske demen, sa ka rive nenpòt moun. Yo ka abize nenpòt moun », li di AyiboPost. « Se pratik sa yo ki mete peyi a nan sitiyasyon sa », li ajoute, pandan li denonse « gwoup mafya ak gang ki genyen nan sektè prive a ».
Mak yo pwoteje lokalman pou bay konpayi yo dwa eksklizif sou non oswa logo yo, evite fo kopi, epi defann repitasyon yo nan lajistis.
Aux États-Unis, HYDE PARK anrejistre pou pwodiksyon corn flakes pa konpayi Grace C LLC, dabò nan Eta Florid, epi sou plan federal, sa ki vle di li pwoteje sou tout teritwa ameriken an. AyiboPost konfime idantite responsab Grace C LLC la pa telefòn ak pa imèl. Dosye Hyde Park la ap tann yon solisyon final devan tribinal ayisyen.
Li mete sou tab kesyon legal sou dwa mak yo, men tou sou defans dwa konsomatè yo ann Ayiti.
Bwat corn flakes Hyde Park yo ki vann nan plizyè makèt nan Port-au-Prince pa mansyone okenn faktori kote yo fabrike — sa ki sanble se yon vyolasyon dekrè 2020 sou etikèt manje, ki egzije mete enfòmasyon sa a. Dekrè a mande tou ke enfòmasyon yo ekri nan youn nan de lang nasyonal yo.
Ane pase a, Ministè Komès te menase retire sou mache a pwodwi ki pa respekte kondisyon etikèt sa yo.
Lè yo mande Minis Komès aktyèl la, James Monazard, sou absans enfòmasyon sou orijin pifò bwat Hyde Park, li reponn AyiboPost te enfòme li sou sa.
« Konsomatè a gen dwa jwenn enfòmasyon, sitou sou orijin pwodwi a », minis la di. « Sa mwen ka fè, se voye enspektè konfiske yo, pou moun oswa biznis ki gen yo ka di ki konpayi ki te vann yo. »
Minis la di mak ki gen renome yo jwi pwoteksyon ann Ayiti. « Konpayi manman an toujou pwopriyetè mak Hyde Park la », li ajoute.
Sou kesyon legalite reklamasyon toude pati yo, li di lalwa pini moun k ap fè fo kopi, men se sèlman tribinal ki ka deside.
Li ajoute tou, san bay detay, ke depatman jiridik Ministè a te ekri yon rapò pandan dokiman, tankou akt de syon Martino a, te absan. Sepandan, li di dokiman sa yo te vin soumèt apre sa.
Lè li gade dokiman Clérié soumèt yo, « Pa gen anyen mwen ka fè ankò », minis la di. « Ministè a pa yon kote pou jije. Jij la ki ap chèche verite a ka ekri Ministè a pou li jwenn dokiman ki enpòtan yo », li konkli.
N.B. : Redaksyon AyiboPost ap mete dosye sa ajou chak fwa gen nouvo enfòmasyon
Tradiksyon : Henri Alphonse
Journaliste / Communicateur social