Nan yon kontèks kote plis pase 4.9 milyon Ayisyen ap viv ak ensekirite alimantè dapre dènye rapò Pwogram Alimantè Mondyal la (2024), yon kominote riral nan zòn Ravin Normand, nan komin Leyogàn, trase yon chimen espwa pou rive nan oto-sifizans alimantè. Zouti prensipal yo: yon modèl agro-silvo-pastoral dirab ki baze sou teknik agro-ekolojik, bon jan jès dlo, itilize konpòs ak pay, epi entegrasyon entèlijan resous lokal yo.

« Nou pa tann èd lòt bò dlo pou manje ankò : chak fanmi ka tounen nan lakou lakay li oswa jaden li an espas manje », se sa Josué Benjamin, yon agrikiltè ki fè animasyon kominotè, deklare. Gras ak fòmasyon pratik ak sipò agronòm volontè, fanmi yo ap aprann re-kiltive tè yo ak resous natirèl : konpòs lakay, pay fèy sèch, fimye bèt, ak grenn tradisyonèl.

Gertha Séverin, ki se yon agrikiltè depi plis pase dis lane nan lokalite a, kontan anpil chanjman ki fèt yo :
« Avan, nou te depann de grenn ibrid ak angrè ki koute chè. Kounye a, ak grenn lokal nou yo ak fimye bèt, tè a repran lavi. E pitit nou yo manje pi byen. »

Daprè konpilasyon done sou tèren ak rapò ki sòti nan Institut Haïtien de Statistique et d’Informatique (IHSI, 2023), rekòt nan jaden agro-ekolojik riral yo ogmante ant 18% ak 27% nan twa dènye ane yo, espesyalman kote ki mete ansanm pyebwa fwi, legim ak volay. Konpare ak sa, jaden nan vil yo bay apeprè 1.8 kg/m², kont 1.2 kg/m² nan zòn riral yo, men yo gen mwens divèsite epi yo plis depann de dlo k ap koule chak jou.

Chif IHSI yo montre tou zòn riral yo, malgre yo pi frape pa povrete estriktirèl, gen gwo potansyèl agrikòl ak agro-ekolojik ki pa eksplwate ase. Sèlman 38% tè agrikòl ki anrejistre yo ap kiltive sou baz regilye, epi mwens pase 12% yo ap itilize pratik agro-ekolojik.

Nouvo dinamik sa a ap fè efè tou nan mache lokal Ravin Normand, nan depatman Sidès peyi d-Ayiti. Lorette Généus, yon machann pwodwi agrikòl, temwaye :
« Moun ap achte plis lokal. Yo vle manje fre, san pwazon chimik. E mwen menm, mwen fè plis lajan ak legim natirèl pase ak pwodwi ki soti aletranje. »

Modèl agro-silvo-pastoral sa a se yon repons konkrè kont efè chanjman klimatik, degradasyon pouvwa acha ak erozyon tè. Li mete kominote riral yo tounen poto mitan rezilyans pèp ayisyen an.

« Sa se pa sèlman yon metòd agrikilti, se yon vizyon sosyete », se sa Manbo Marie Yoleine Gateau, lidè kominotè, mete kòm dènye mo. « Lè nou kiltive nan respè ak lanati, nou retabli lyen sakre nou ak tè a, nou bay pitit nou manje, epi nou retounen espwa bay kominote nou yo. »

Henri Alphonse
Jounalis / Kominikatè sosyal

By Henry ALPHONSE

Jounalis ak Kominikatè Sosyal | Konsiltan nan Kominikasyon pou Devlopman Li se yon jounalis angaje ki gen eksperyans nan laprès ayisyèn, kote li te deja prezante nan jounal Le Nouvelliste, pi ansyen jounal chak jou nan peyi a. Kòm yon kominikatè sosyal, li mete talan li o sèvis devlopman kominotè atravè konsiltasyon ak animasyon pwojè. Li se kowòdonatè Consommateurs Solidaires, yon platfòm ki mete an rezo konsomatè ak pwodiktè ayisyen oubyen ayisyen desandan, pou fasilite echanj, kolaborasyon ak koperasyon. Platfòm sa a angaje l nan ankourajman pwodiksyon nasyonal, konsomasyon entelijan, devlopman dirab, antreprenarya jenès ak fanm, epi ekonomi sosyal ak solidaire. Travay li kontribye nan bati pon ant konsyans ekonomik ak inisyativ lokal.