Malgre sekirite a ap vin pi mal chak jou, ekip èd Nasyonzini yo kontinye ap travay ak patnè lokal ak otorite depatmantal yo pou bay resous bay sivil ki deplase yo.

“Moun ki deplase yo pèdi tout sa yo te genyen – fanmi antye ap lite pou jwenn dlo, swen sante, oubyen abri ki apwopriye.”

Biwo Kowòdinasyon Zafè Imanitè Nasyonzini (OCHA) “rete angaje bò kote otorite lokal yo ak patnè yo pou ranfòse aksyon imanitè a, malgre limit resous yo, epi kontinye plede pou plis sipò,” se sa Modibo Traoré, Chèf Biwo OCHA ann Ayiti, deklare.

Nan tout Depatman Sant la, UNICEF rive pote asistans bay 8,500 moun, ladan li gen sis (6) klinik mobil.

“Nou ap ogmante repons nou nan Depatman Sant la, kote nou bay swen sante ki esansyèl, ede plizyè milye timoun ak sipò sikososyal, dlo potab, epi aksè ak edikasyon kote bezwen an pi gwo,” dapre sa Madam Narayan fè konnen.

PAM (Pwogram Alimantè Mondyal) ap travay tou nan Depatman Sant la pou bay manje cho ak kit alimantè bay kominote ki deplase yo, epi li deja pote asistans bay plis pase 13,100 moun deplase nan zòn sa a depi kòmansman mwa me.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841