Devan kriz la, kominote riral yo mete tèt ansanm nan kowoperativ pou rebati ekonomi lokal la.

Nan mitan mòn vèt Plato Santral, gen yon espwa ekonomik k ap jèmen sou baz solidarite riral. Pandan sistèm tradisyonèl yo ap febli devan gwo kriz Ayiti ap konfwonte, kominote peyizan yo ap chèche yon nouvo wout : ekonomi solidè.

Nan direksyon sa a, fanm, jèn, kiltivatè ak atizan mete tèt yo ansanm atravè kowoperativ lokal, kote yo pwodui, transfòme, konsome epi vann ansanm nan yon sistèm ki kout e ki kolektif. Isit la, moun pa travay pou tèt pa yo sèlman, men pou tout kominote a jwenn benefis.

Lè solidarite tounen yon sistèm ekonomik

Nan Hinche, Cerca-la-Source, Thomonde ak lòt komin yo, ti gwoup pwodiktè ki te konn travay chak moun poukont yo ap vin tounen estrikti òganize. Yo pataje resous, mete zouti yo an komen, mete pri ki jis, epi kreye opòtinite pou pwodwi lokal tankou siwo myèl, fwi seche, legim rasin, lwil esansyèl ak atizana resikle.

« Se inyon ki fè nou viv. Sèl, ou pa fè anyen ; ansanm, nou bati richès », gras ak lespri kolektif ak patisipasyon tout manm yo, kominote sa yo ap rebati ekonomi an sou valè pataj, respè ak diyite.

Yon repons lokal pou yon kriz nasyonal

Depi plis pase dis lane, Plato Santral ap soufri anba kriz ekonomik la : revni agrikòl yo bese, lekòl ak sant sante fèmen, moun ap kite zòn lan, pa gen plan devlopman klè. Men, nan mitan tout sa, inisyativ kominotè yo ap pran plas.

Ekonomi solidè a pa sèlman ranplase sa ki manke, li pwopoze yon modèl altènatif ki baze sou valè imen. Yo mete aksan sou vant lokal, transfòmasyon sou plas, redistribisyon ekitab, ak enklizyon sosyal. « Chak goud rete nan kominote a, li fè wonn ant nou », dapre yon jèn antreprenè solidè nan Maïssade.

Kit se kowoperativ agrikòl, gwoup lajan solidè, rezo atizanal, oswa asosyasyon sèvis kolektif, tout estrikti sa yo gen yon sèl baz : patisipasyon ak konfyans.

Yo ankouraje otonomi ekonomik fanm yo, lidèchip jèn yo, ak valè konesans peyizan yo.

Gen pwojè kap chita sou ekoloji, tankou : jaden kominotè, agrikilti biyolojik, fòmasyon nan agroekoloji, rebwazman kolektif elatriye.

Èske Leta ap rekonèt mouvman sa a?

Malgre tout efò sa yo, inisyativ sa yo toujou fèb. Yo manke sipò teknik, rekonesans legal, ak finansman. Gen vwa k ap leve pou mande patenarya piblik-prive sou baz teritwa a, pou mete inisyativ sa yo sou pye solid, entegre yo nan plan devlopman, epi pèmèt lòt zòn swiv modèl la.

Gen lide pou mete ekonomi solidè nan plan komin yo, nan lekòl, ak nan sant fòmasyon antreprenè.

Ekonomi demen an ka kòmanse isit la

Plato Santral la tounen yon laboratwa kote yon lòt kalite ekonomi ap pran nesans : pi imèn, plis lokal, plis dirab. Lwen bèl pawòl, se kominote yo menm k ap chèche solisyon pou grangou, chomaj, eksklizyon ak dezespwa.

Ekonomi solidè a bay sitwayen yo pouvwa, epi li mete limyè sou ansyen valè nou : “konbit”, “lakou”, epi lespri ede youn lòt. Petèt se nan memwa kolektif sa a chita lavni devlopman Ayiti.

By Henry ALPHONSE

Jounalis ak Kominikatè Sosyal | Konsiltan nan Kominikasyon pou Devlopman Li se yon jounalis angaje ki gen eksperyans nan laprès ayisyèn, kote li te deja prezante nan jounal Le Nouvelliste, pi ansyen jounal chak jou nan peyi a. Kòm yon kominikatè sosyal, li mete talan li o sèvis devlopman kominotè atravè konsiltasyon ak animasyon pwojè. Li se kowòdonatè Consommateurs Solidaires, yon platfòm ki mete an rezo konsomatè ak pwodiktè ayisyen oubyen ayisyen desandan, pou fasilite echanj, kolaborasyon ak koperasyon. Platfòm sa a angaje l nan ankourajman pwodiksyon nasyonal, konsomasyon entelijan, devlopman dirab, antreprenarya jenès ak fanm, epi ekonomi sosyal ak solidaire. Travay li kontribye nan bati pon ant konsyans ekonomik ak inisyativ lokal.