Gen yon verite ki senp, men ki kapab fè mal avèk anpil moun : ou ka sèvi ak moun sòt pou mete dife, kraze, touye. Men ou pa ka konstwi sosyete avèk yo. Pou konstwi peyi, ou bezwen moun ki panse, moun ki reflechi, moun ki gen konsyans, epi sa pa fèt san lekòl. Men jodi a ann Ayiti, sistèm edikatif la ap dekonpoze. Lè ou gade jan Leta ap jere kesyon lekòl la, ou oblije poze tèt ou kesyon: Èske se vrèman edikasyon yo vle bay?

Depi apre pandemi COVID-19 an 2020, Leta Ayisyen chwazi rezime ane lekòl la sèlman pou 9èm AF ak NS4, klas ki gen egzamen ofisyèl. Yo mete sa sou non « kou ratrapaj », sou de mwa, san estrikti, san suiv, san plan pedagojik reyèl. E lòt klas yo? Yo tonbe nan bwat silans lan, avni elèv yo gaspiye, tan y ap gate, avni yo kraze.

Nan yon ane lekòl nòmal, gen kat (4) kontwòl, gen aktivite evalyasyon, gen swivi. Men ann Ayiti, pa menm de (2) kontwòl ki fèt. Pifò lekòl pa gen mwayen, pwofesè yo ap grève, sa ki rete se yon lekòl fiktif, yon lekòl pou estatistik, pa pou elèv.

Tout moun konnen, jèn yo bezwen plis pase egzamen. Yo bezwen lide, konpreyansyon, karaktè, valè. Men lè ou pa gen estrikti, ou pa bay swen, ou pa mete regilarite ou pa ka espere jenès sa a vin sitwayen. Kijan ou vle yo devlope sans patriyòt, si yo pa menm konn listwa yo? Si chak dat istorik pase ant grèv, kriz, ak manifestasyon?

Neglijans sa a pa fèt paske pa gen bezwen. Se pa pèp la ki pa vle lekòl, se Leta a ki pa bay li. Se li ki refize louvri tout nivo, se li ki pa regilarize pwofesè yo, se li ki pa mete okenn plan nasyonal sou pye. Se li ki fè lekòl la vin tounen de mwa chalè pou “sove fas” ak egzamen.

Yon Leta ki refize mete lekòl sou pye, pa ka mande devlòpman. Li pa ka mande sekirite, li pa ka mande lòd, ni respè. Paske, se nan klas lekòl nou aprann sa yo. E jodi a, jèn yo ap grandi san gid, san referans, san lespwa. Yo pa konn sakrifis Ewo yo, yo pa anime ak okenn lespri nasyonal.

Lekòl pa dwe fèt sèlman pou fè egzamen. Li dwe fèt pou mete panse sou pye. Pou bati limanite, pou devlope sitwayen. Si nou vle sispann fè esklav, e si nou vle leve lidè, se nan edikasyon pou nou mete tout fòs nou.

Men sa pa fèt san plan. Sa pa fèt san volonte.
Leta dwe reprann tèt li, mete sou pye yon plan global pou relouvri tout nivo lekòl yo, fòme ak sipòte pwofesè yo, evalye elèv yo, epi refè konfyans nan sistèm edikatif la.

Jodi a, nou dwe poze tèt nou kesyon sa a ak tout gravite li : Ki lekòl Leta Ayisyen vle mete sou pye, e pou ki sosyete? Paske si nou kontinye jan sa ye la, se pa devlopman n ap prepare se dezespwa. Se pa sitwayen n ap fòme, se yon jenerasyon ki ap tounen do ak limyè.

Edikasyon, se pa de (2) mwa. Se pa de (2) tès. Se fondasyon chak nasyon ki vle sòti nan fènwa.

Florince FRAGILE
Jounalis – Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841