Yon premye bilan ki pa total pale de dega materyèl ak moun, sitou kèk blese pami sòlda yo, daprè sa plizyè medya lokal rapòte. Plizyè dwòn kamikaz lanse nan aprèmidi dimanch 25 me 2025 la nan direksyon baz gang << 5 Segond >>, ki tabli kò l nan Vilaj-de-Dye.

Polis Nasyonal Ayiti (PNH) frape dimanch lan kont gang << 5 Segond >> ki genyen baz li nan Vilaj-de-Dye.

Kidonk, nan aprèmidi dimanch lan, plizyè ajan PNH la mennen yon nouvo entèvansyon nan sant vil Pòtoprens lan ki sible prensipalman baz gangster Johnson André alyas << Izo >>.

Pandan nouvo operasyon sila, yo lanse plizyè dwòn kamikaz nan direksyon fwaye gang nan. Pou bilan : yo resanse plizyè dega materyèl ak moun.

Divès medya rapòte tou avèk dwòn yo plizyè blese nan kan bandi yo epitou yon machin ki te chaje avèk materyèl kraze.

Machin sa ta sèvi mwayen deplasman plizyè manm gang nan, daprè kèk sous ofisyez, pandan n ap tann konfimasyon ofisyèl ak bilan Polis Nasyonal Ayiti.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841