Valderama Ystal ak Norman Washington James se de (2) endividi lapolis nan Nip arete, pandan yon kontwòl woutin ki t ap fèt, nan lokalite Sen-Michèl nan komin Miragwàn, nan maten dimanch 22 me 2025 lan pou trafik dwòg an patikilye marijuana.
Valderama Ystal ak Norman Washington James, nan moman arestasyon yo, yo chak te twouve yo sou yon motosiklèt ki t ap transpòte yon valiz ki genyen pwodui dwòg.
Plizyè ajan Biwo Lit kont Trafik Dwòg (BLTS) ki detache nan depatman Sid la te fè yon verifikasyon epi ladann yo jwenn e yo sezi yon kantite ki evalye avèk 43.9 kilo marijuana.
Aktyèlman, de (2) endividi sa yo ki plase nan gadanvi pou suit jidisyè nesesè yo afime, nan kad odisyon yo avèk ajan BLTS yo, kantite marijuana sa ta dwe ale bay nan Tigwav.
N ap siyale, Valderama Ystal ak Norman Washington James se pitit depatman Sid, daprè Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Ayiti-Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik/DDNI.
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE