Gen epòk kote silans pa inosan. Gen jou kote absans pa senp neglijans, men se chwa politik. Lè Mibalè ap boule, Sodo ap tranble anba bal, fanm ansent ap kouri anba dife, timoun ap dòmi sou bitasyon, e Leta chwazi pale de baraj idwo-elektrik Pelig olye li pale de viktim, nou pa nan senp erè. Nou nan konplisite. Nou trayi.
Baron nan bèl kostim li, deside mennen diskou sou bon fonksyònman baraj Pelig. Li salye “konvèsasyon ak popilasyon an”, li pale de dyalòg ak Leta, li bat bravo pou angajman, pandan ni komisarya, ni tribinal, ni lekòl pa ekziste ankò nan vil yo. Pandan lopital pi gwo nan zòn nan pa bay sèvis. Èske sa se reyalite? Oswa nou fè pati yon istwa fiksyon kote tè a kraze, men se syèl la y ap regle?
Mesye Baron ak alye li yo chita sou pisin “Viv Ansanm” lan, men yo pa wè dife kap pran sou rivaj la. Yap benyen ak souri, pandan yap vide gazolin sou tèt nou. Baraj la vin tounen bijou Leta a, pandan tout rès kò a ap pouri. Nou vin konprann: pa tout dlo ki se lavi, gen dlo ki sèvi pou lave men sal.
Depatman Sant la pat envite nan okenn reyinyon. Pa gen “long konvèsasyon”. Se gòl politisyen kap pale ak glas yo. Baron pale sou non pèp li pa janm tande. Epi li salye l, l ap mete flè sou kadav.
Peyi sa fatige. Men pa gen pèsòn ki merite plis respè pase viktim yo. E si Leta pa wè sa, si Prezidan pa tande sa, nou, nou sonje. Nou sonje ke li te chita sou baraj la, pandan yo boule tout sa zansèt yo te bati.
Baron, ou paka sèvi ak non zansèt yo pou voye sann sou je timoun yo. Baraj la pa pi sakre pase krèm timoun ki pèdi manman yo. Se pa Pelig ki bay kouraj, se pèp la. E si ou bliye sa, zansèt ou yo pap bliye w.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis-Centre à la Une