Prezidan Dominiken an, Luis Abinader deklare KPT a dwe kanpe sou tradisyon istorik k ap mache bay lòt peyi responsab pwoblèm Ayiti.
Pandan senpozyòm OEA te òganize Washington, jedi 22 Me 2025, minis defans Ayisyen an Jean Michel Moïse te afime repiblik Dominikèn jwe gwo wòl nan deteryorasyon sitiyasyon sekiritè a nan peyi Dayiti, li kite zam, minisyon ak estipefyan travèse libe libè antre nan peyi a.
Abinader egzije genyen prèv konkrèt ki prezante pou jistifye akizasyon sa yo.
Li mande otorite Ayisyèn yo pa rejte responsablite yo nan efondreman Ayiti a.
N ap raple, yon reyinyon espesyal te dewoule jedi 22 me 2025 la nan Òganizasyon Eta Ameriken (OEA), pou gade kòman yo ka pote yon repons ijan ak kriz sekiritè ak imanitè Ayiti a. Konseye prezidan Smith Augustin se chèf delegasyon Ayisyèn nan.