Jodi a, 28 me 2025, nan Kou d’Apèl Pòtoprens, pèp Ayisyen an te tounen temwen yon lòt demach ipokrit, yon pyès teyat ki gentan fin ekri lòt kote, kote aktè prensipal yo absan, e kote lalwa vin tounen makèt.

Okenn pa pale de sa ki enpòtan. Se sèlman kèk Kolonbyen ak ti sispèk pa gen pwa ki vin parèt devan tribinal. Pandan sa, moun ki planifye, finanse, ak egzekite krim lan deja sove nan men lajistis ayisyèn, paske yo te arete yo epi voye yo Ozetazini. Men kèk ladan yo :

Mario Antonio Palacios, ansyen sòlda Kolonbyen, ki te arete Panama, voye nan Miami.

Rodolphe Jaar, biznisman ayisyano-chilyen, deja kondane pa lajistis Ameriken.

James Solages ak Joseph Vincent, Ayisyano-Ameriken ki te patisipe dirèkteman nan operasyon an.

Christian Emmanuel Sanon, pastè ak òm dafè, yo prezante kòm “moun ki te vle pran pouvwa a”.

Men, sa ki pi grav la, se silans total sou kolaborasyon ant Etazini ak Ayiti. Pa gen okenn jijman ann Ayiti, pa gen okenn kolaborasyon serye, pa gen okenn prèv ni temwayaj ki transfere. Se tankou se pa nan Pèlerin krim lan te fèt. Ayiti tounen sitadèl obsèvatè, san vwa, san pouvwa.

Epi ki kote Premye dam lan, Martine Moïse, ki te sou kabann bò mari li lè yo touye l ? Li toujou Ozetazini, li pa janm tande pa okenn tribinal ann Ayiti. Se temwen prensipal la ! E jodi a, li tounen tankou yon prizonye diplomatik, anba pretèks pwoteksyon, pandan pèp la pa janm tande pawòl li, ni jije pa janm mande l anyen.

Sa nou wè jodi a pa yon jijman, men yon echèk nasyonal. Yon zak desizyon politik, ki fè Ayiti pèdi kontwòl sou pròp istwa li, sou pròp verite li.

Etazini pa jis « ede », yo retire dosye a. Yo mete tout eleman enpòtan nan valiz epi ale. Lajistis Ameriken ap jije san Ayiti, san pèp Ayisyen, san respè pou doulè ak memwa nou. Kijan nou ka jije yon krim d Eta, san eta a ?

Sa se yon trètman kolon, yon Tèritwa san pouvwa, kote tout sa ki enpòtan pase lòt kote, e nou jis rete gade.

28 Me 2025 ap rete nan listwa kòm yon jou wont, yon jou maspinay, kote lajistis Ayiti fè figi, pandan verite a mare, sove, epi antere Ozetazini.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar