Carlo Ancelotti apèn pran tèt seleksyon Brezil la kòm seleksyonè, li fè sòti lendi 26 me pase a premye lis jwè li konvoke avèk Seleção a. Neymar Junior (FC Santos), Rodrigo Goes ak Endrick (Real Madrid FC) se gran absan yo.

Konpozisyon premye seleksyon sa temwaye volonte klè Ancelotti : li alye eksperyans, dinamis ak disiplin taktik. Pami jwè li rele yo, nou jwenn kad yo Alisson Becker, Casemiro, Vinícius Jr., Raphinha, tandiske plizyè sipriz nan lis sa tankou Anthony li rele, ki an gran fòm aktyèlman nan Real Betis. Epi, Alexsandro Ribeiro (Lille) ki ap onore premye seleksyon l.

Absans ki pi make a rete Neymar Jr. teknisyen italyen an pa rele pou rezon medikal. Rodrigo blese dènyeman pa fè pati lis la, Endrick ak Ederson Moraes pa prezan tou pou Brezil. Carlo Ancelotti ranplase Dorival Juníor e li pran fonksyon 25 me 2025 lan. Nouvo seleksyonè Brezil la mete deyò yon lis 23 jwè pou 2 pwochen match Seleção a genyen pou jwe fas avèk Ekwatè epi kont Paragwe, nan kad eliminatwa mondyal 2026 yo.

Seleksyonè peyi Brezil la vle entwodui yon nouvo lespri avèk ekip la : rigè, reyalis ak efikasite. Sou 23 jwè li rele yo, 13 ladan yo p at prezan nan dènye rasanbleman Dorival Juníor te dirije.
<< Mwen vle Brezil jwe avèk menm entansite e menm koyerans ekip klèb mwen yo. Gwoup sa genyen talan, li jis manke konstans >>, se sa Ancelotti deklare nan konferans pou laprès.

Men lis Brezil la :
Gadyen : Alisson (Liverpool), Bento (Al Nassr), Hugo Souza (Corinthians)
Defansè : Alexsandro (Flamengo), Alexsandro Ribeiro (Lille), Beraldo (PSG), Carlos Augusto (Inter Milan), Danilo (Flamengo), Léo Ortiz (Flamengo), Marquinhos (PSG), Vanderson (Monaco), Wesley (Flamengo).
Milye tèren : Andreas Pereira (Fulham), Andrey Santos (Strasbourg), Bruno Guimarães (Newcastle), Casemiro (Manchester United), Ederson (Atalanta), Gerson (Flamengo).
Atakan : Antony (Betis), Estêvão (Palmeiras), Gabriel Martinelli (Arsenal), Matheus Cunha (Wolverhampton), Raphinha (Barcelone), Richarlison (Tottenham), Vinicius Jr (Real Madrid).

Premye rankont anba lòd teknisyen italyen an Carlo Ancelotti pral fèt nan mwa jen kont Ekwatè ak Paragwe, match ki konte pou kalifikasyon pou Mondyal 2026 la. Piblik brezilyen an espere yon retou osomè ekip Brezil la aprè yon peryòd vid.

Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841