Aprè yon final rich avèk rebondisman, Juventus FC des Cayes ranpòte dezyèm edisyon Chanpyona nasyonal espesyal premyè divizyon an lè l bat 5-3 nan seyans penalite (2-2 aprè 90 minit yo) ekip AS Capoise la, dimanch 1e jen 2025 sa, nan pak Félix Saint-Victor nan Kap Ayisyen.

Yon final kote espetak la te orandevou. Yon match ki te kenbe pwomès li. Se Ralph Charles (18è) ak Mylove Dorvilien (52è) ki te make gòl pou ASC ; Mikerson Gilot (46è) ak Onelson Dorante te enskri gòl pou Juventus FC.

Gras avèk siksè sa, Juventus FC des Cayes pral reprezante Ayiti nan Caribbean Cup. Tandiske Association Sportive Capoise pral patisipe nan Caribbean Shield.

N ap raple, se uit (8) ekip ki te sòti nan de (2) gwoup nan sezon regilyè a ki te angaje pou jwe play-offs chanpyona nasyonal espesyal D1 an.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841