Lakou Dapèl nan Pòtoprens anile, lendi 2 jen 2025 la, òdonans Jij enstriksyon Marthel Jean Claude te pran nan dat 29 septanm 2023 pou blanchi pè Frantz Cole ak pè Fritz Désiré nan kad dosye kagezon zam legliz Episkopal la lapolis te sezi a.
Lakou a di manke eleman esansyèl epi enstriksyon an te genyen anpil fay ki lakòz Jij yo pran desizyon pou retounen sou dosye a, epi mete yon lòt Jij pou enstui li jan sa dwe fèt la.
Se te nan tèt kole ak Ladwàn lapolis (BLTS) te rive sezi yon kagezon zam 14 jiyè 2022, nan Caribbean Port Service (CPS), kagezon ki te gen ladan li 18 fizi, 4 pistolè, 14 646 katouch, 140 chajè ak 50 000 fo dola ameriken.
Selon rapò lapolis, pè yo te vle antre ak zam + katouch sa yo ann Ayiti sou fòm de DON, puiske legliz se youn nan enstitisyon ki toujou bay èd ak sila ki plis vilnerab yo nan divès peyi atravè mond lan.
N ap note, konsène yo toujou nan detansyon, kote Lakou a deziye Jij Noé Masillon Pierre pou reprann ankèt la sou dosye sa a ki gen yon enpòtans enòm pou Ayiti ki kontinye ap efondre anba ensekirite a.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE