Avèk disiplin socca, yon foutbòl ki jwe avèk 6 jwè, Ayiti ap goumen pou fè non l pami gran nasyon yo. Seleksyon nasyonal la ki apèn sòti nan Koup di Mond ki te òganize nan Oman, nan Mwayen-Oryan, ap prepare l pou l ale patisipe nan Copa America de socca, ki prevwa fèt 23 rive 27 jiyè 2025 nan Rio de Janeiro.
Toutfwa, gouvènman ayisyen an pa ankò bay okenn soutyen finansye pou deplasman sa ki genyen yon enpòtans kapital. Ayiti rete poutan youn nan pyone nan Karayib la nan disiplin sa ki sòti nan foutbòl avèk 11 jwè, avèk kèk règ yo adapte.
Pandan tan sa, anpil apèl pou bay èd ap lanse avèk Leta santral epitou esponsò yo nan sektè prive a pou pèmèt jèn sa yo reprezante peyi a avèk diyite nan konpetisyon rejyonal sila.
Jacky M. Fontaine,
Centre à la UNE