Ayiti rive nan yon pwen kote laplipa analiz pa bezwen long. Yo jis bezwen dray. Malgre tout imaj ki parèt sou mobilizasyon PNH la, malgre tout pale sou Fòs Multinasyonal la ki te sipoze debake avèk kadans pou mete lòd, jodi a, se Erik Prince ak ansyen sòlda Blackwater ki vin sou sèn, tankou dènye espwa yon pouvwa san jarèt.

Ki nivo dekadans politik sa ye, lè yon peyi souveren pa ka mete sou pye yon estrikti sekirite ki stab pou konbat gang, e li oblije fè apèl ak yon antreprenè lagè etranje, ki gen long istwa eskandal, masak sivil, ak konfli enterè? Kisa sa vle di pou imaj Ayiti? E pi mal, kisa sa ap lakoz pou popilasyon sivil la?

PNH la te kreye pou sa. Lapolis, malgre feblès li, gen moun ki mete lavi yo an danje chak jou pou defann sosyete a. Fòs miltinasyonal la, malgre kritik ki fèt sou jan li ap mete sou pye, te sipoze pote yon souf, omwen sou plan logistik ak estratejik. Epi jodi a, an silans, san okenn konsiltasyon, san okenn transparans, nap tande pale de yon kontra ak Blackwater? Se pa sèlman yon desepsyon, se yon insilt kont memwa tout viktim, kont dwa tout sitwayen.

Erik Prince pa gen okenn leson moral pou pote bay Ayiti. Misye se yon figi ki reprezante tout sa ki mal ak privatizasyon lagè: zam pou lajan, zam pou min, zam pou enterè etranje. E si verite New York Times la konfime, li deja ap itilize dron pou lage bonm sou katye popilè yo, kote popilasyon sivil la deja otaj. Kote Dwa Moun? Kote prensip imanitè yo? Kote souverènte nou?

Se pa premye fwa Ayiti lage tèt li bay etranje pou regle kriz li. Men fwa sa, li pi grav. Nou pa sèlman ap pèdi kontwòl sou tèritwa, men nou ap ouvè pòt pou sistèm paramilitè prive, ki pa gen okenn kont pou rann, ki pa reponn devan okenn tribinal entènasyonal, e ki toujou kite dèyè yo sant kadav ak chay tribilasyon.

Pou kisa sa fèt? Eske se paske se dènye kat la? Oswa se paske kèk moun ap chèche benefis nan kontra sa yo, sou do pèp ki deja soufrans? Gen twòp kesyon san repons. Men gen yon sèl verite: si Ayiti pa ka batay pou delivre tèt li, okenn misye Prince pap ka sove li. Okontrè, li ka mete l pi fon nan twou.

Eta a dwe pran responsabilite li. Fòk gen rekonsiderasyon sou fason n ap jere sekirite peyi a. Fòk gen lide, fòk gen direksyon, fòk gen moral. Paske tout sa ki fèt ak kout zam pa bay lapè. E lapè pa vann sou mache dron ak bal.

Si nou lage tout batay nou yo bay machann lagè, nou pap ka janm pale ankò de souverènte, ni de diyite.

Jean Launy AVRIL, editoryalis Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar