Jen 2025 : se premyè edisyon Koupdimonn klèb yo k ap fèt avèk 32 klèb, 8 gwoup avèk 4 ekip. L ap dewoule nan peyi Etazini.
Men kouman 12 ekip ewopeyèn yo deziye :
UEFA (Ewop) : 12 klèb kalifye.
Se venkè kat (4) dènye edisyon Lig Chanpyon yo (Real Madrid, Manchester City ak Chelsea).
Ansuit, klasman UEFA deziye nèf (9) lòt klèb yo sou kat (4) dènyè lane yo. Kidonk, men klèb ki seleksyone yo : Bayern Munich ak Dortmund (ALL), Inter Milan ak Juventus (ITA), PSG (FRA), Atlético de Madrid (ESP), Porto ak Benfica (POR), Salzbourg (AUT).
Poukisa Liverpool ak Barcelone pa figire pami ekip kalifye yo alòske Salzbourg ki pa byen klase figire ?
Rezon an senp : klasman sa pran ankont sèlman pèfòmans nan Lig Chanpyon epitou pa kapab genyen pi plis pase 2 klèb nan yon menm peyi ki kalifye.
Barcelone 12èm nan klasman pwen UEFA yo sou kat (4) dènyè sezon yo, sa ki ta dwe pèmèt li jwe Koupdimonn klèb yo, men de (2) lòt klèb espayòl yo mye klase : Real Madrid ak Atlético.
Koupdimonn klèb yo kòmanse 14 jen ; l ap fini 13 jiyè 2025.
Jacky Médé Fontaine
Centre à la UNE