Nan 51èm reyinyon G7 la ki fèt soti 15 pou rive 17 jen 2025 la nan peyi Kanada, Prezidan brezilyen an Luís I. Lula Da Silva denonse diferan konfli ki gen nan mond lan, epi touche pou yon lòt fwa sitiyasyon ensekiritè Ayiti ap fè fas la.
Nan diskou li, men sa prezidan Lula di: « Nou tout konnen, bò tab sa la a, lagè pa ka rezoud okenn konfli. Nan Gaza, pa gen anyen ki kapab jistifye masak san distenksyon plizyè milye fanm ak timoun ak itilizasyon grangou kòm zam lagè.
Gen kèk peyi ki toujou refize rekonèt Palestin kòm yon Leta, sa ki demontre anpil peyi ap seleksyone nan sa ki gen pou wè ak respè pou lalwa ak lajistis.
Dènye atak Izrayèl yo kont Iran an menase transfòme tout zòn Mwayen Oryan an nan yon sèl chan batay ki, poutan, kapab genyen anpil konsekans mondyal ki pa kapan kalkile.
Ann Ayiti, kominote entènasyonal la rete endiferan devan kawo ak atwosite teworis òganize a ap komèt ckak jou nan peyi a.
M pa souzestime anplè tach m pran pou m dezabiye tout menas sa yo. Men, li klè vid lidèchip agrave imaj sa a mwen ap dekri a. Pa bliye genyen 3 manm pèmanan konsèy sekirite a ak lòt nasyon ki gen tradisyon pou defann lapè ki chita sou tab sa a.
Li lè li tan pou nou retounen nan Nasyonzini. Sekretè Jeneral la dwe dirije yon gwoup ki reprezante peyi ki angaje pou lapè yo, yon fason pou rann òganizasyon an tounen fwaye konpreyansyon ak dyalòg. » Prezidan an te di.
N ap note, Brezil pa fè pati peyi G7 yo ki enkli Lafans, Wayòm Ini, Almay, Japon, Etazini, Itali ak Kanada, men peyi sa yo toujou envite prezidan Lula nan somè a depi 2023.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE