Pou premyè fwa, yon òganizasyon ame ayisyèn sou << lis lawont >> #ONU pou vyolasyon grav dwa timoun. Kowalisyon gang << Viv Ansanm >> akize l ap fè rekritman fòse minè, vyolans seksyèl, omisid volontè ak atak sible kont lekòl ak lopital.

Rapò chak lane Sekretè jeneral #ONU pibliye jedi 19 jen 2025 lan drese yon tablo chokan sou sitiyasyon timoun yo an Ayiti. An 2024, plis pase 1.300 minè te viktim tou prè 2.300 vyolasyon grav, ale nan vyòl kolektif rive nan rekritman fòse, an pasan pa omisid volontè ak mitilasyon. Majorite egzaksyon sa yo atribye a kowalisyon kriminèl << Viv Ansanm >>, ki pran nesans nan inyon gwoup G9 ak G-Pèp.

Gwoup ame sa ki dezòmè konsidere kòm youn nan pi vyolan nan rejyon an kontwole plizyè zòn nan Pòtoprens epi kontinye etann anpriz li. Fas avèk sitiyasyon kritik sa, Sekretè jeneral #ONU an, Antonio Guterres di << li pwofondeman enkyete >> pa eksplozyon vyolans kont timoun yo, pandan li fè apèl a yon mobilizasyon ijan kominote entènasyonal la.

Enskripsyon sou lis nwa sa ta kapab antrene sanksyon sible kont responsab yo epi ogmante presyon sou otorite ayisyèn yo pou aji fas a yon efondreman sekiritè ki p at janm rive anvan.

Jacky Médé Fontaine
Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841