Jean Morose Viliena, ansyen majistra Les Irois, Ayiti, kondane yè, Vandredi 20 Jen 2025 lan pou l pase 9 an prizon nan tribinal federal Boston pou fwod imigrasyon.
Dapre otorite ameriken yo, li te jwenn kat rezidans li ilegalman apre li te bay manti sou patisipasyon li nan asasina politik an Ayiti.
Viliena, ki te abite Malden, Massachusetts, te di li pa t janm patisipe nan zak vyolans politik. Men, otorite yo di pandan li te majistra, li te fè atak kont opozan li yo ki lakoz lanmò ak blesi grav.
Nan yon atak an 2007, li te touye frè yon opozan epi kraze tèt li ak wòch. An 2008, li te patisipe nan yon lòt atak kote de moun te blese grav.
Li te jwenn kat rezidans li ilegalman epi te viv an Massachusetts pandan plis pase 10 ane. Yon jiri ameriken te deja kondane li nan yon pwosè sivil an 2023 epi te bay viktim yo $15.5 milyon dola.