Ayiti ap simaye danje, ak kriz k ap vale tout espas, sòti Pòtoprens rive nan dènye seksyon riral, sòti nan gang ki taye banda, rive nan grangou ki ap ravaje. Men depi plis pase de mwa, Mibalè ak Sodo pa sèlman viktim, yo abandone. Leta disparèt, pa gen sekirite, pa gen repons, pa gen vizyon. E lè sa rive, solisyon an pa ka soti nan pi wo, li dwe soti anba nan pèp la menm.

Se la nou mete aksan sou resireksyon popilè, pa tankou yon slogan, men kòm sèl altènativ ki serye pou sove sa ki ka sove. Resireksyon popilè pa vle di kraze, boule, mete dife sou frè nou. Resireksyon popilè, se leve konsyans, mete tèt ansanm, mete lafwa ak lespwa ansanm pou konstwi pi bon demen.

Ayiti se pa premye peyi ki konn pase anba pye pouvwa san pitye. Men Mibalè ak Sodo, ak tout lòt komin ki lage pou kont yo, yo gen dwa pou yo leve tèt yo, non pa pou fè dezòd, men pou egzije diyite. Nou se pèp ki desandan revolisyon 1791 lan, ki montre mond lan ke levrèt ka kraze chenn. Nou pa ka bliye sa.

Egzanp mond lan bay leson nou

🔹 Ayiti, 1791 – Se premye modèl resireksyon popilè ki te vrèman sonnen fò. Esklav yo ki te sou plantasyon leve tèt yo, mete tèt ansanm, pran zam, epi finalman, mete fen nan sistèm esklavaj la. Revolisyon sa a te pote endepandans Ayiti e li te fè Ayiti premye repiblik nèg endepandan nan mond lan.

🔹 Aljeri, 1954–1962, pèp Aljeryen an te leve kont kolon fransè yo. Malgre represyon, masak, ak prizon, yo te kontinye batay jiskaske yo te rive dechouke kolonyalis la. Se te yon resireksyon ki te soti nan fon kè pèp la, epi li te pote libète ak souverènte.

🔹 Afrik di Sid, ak Nelson Mandela , apre plizyè deseni apartheid, kote majorite nwa yo te anba pèsekisyon, pèp la te leve tèt li ak rezistans, ak mobilizasyon. Mandela te pase 27 lane nan prizon, men se lespwa li pa t janm mouri. Rezilta? Yon rejim rasis te tonbe, ak yon nouvo demokrasi te kanpe sou de pye li.

🔹 Burkina Faso, 1983 ak 2014 – Nan 1983, Thomas Sankara te pran pouvwa pa yon mouvman popilè. Li te mete agrikilti, sante, edikasyon, ak fyète nasyonal nan kè devlopman. An 2014, apre anpil ane diktati, pèp Burkina Faso te ankò leve pou mete fen nan rejim Blaise Compaoré, e li te reyisi. Se egzanp ke fòs pèp la se pa zam, men detèminasyon.

🔹 Chili, 2019 – Yon ogmantasyon pri tikè transpò te mete dife nan kè jèn ak granmoun. Yo te leve kont inegalite sosyal. Mouvman sa te fini pa pouse gouvènman an dakò pou yo ekri yon nouvo Konstitisyon, yon chanjman fondamantal.

🔹 Tunisi, 2010–2011 (Revolisyon Jasmen) – Apre yon ti machann legim, Mohamed Bouazizi, te mete dife sou li menm poutèt soufrans li, tout peyi a te souke. Sa te lakòz kòmansman Prentan Arab la, yon vag resireksyon kote divès pèp leve kont diktati yo (Tunizi, Libi, Ejip, elatriye).

Resireksyon pa fè nan vakabonaj. Pa gen liberasyon san refleksyon. Se pa mete dife sou lekòl pitit nou. Se pa tire sou vwazen nou. Se pa defoule fristrasyon nou sou ti machann ki nan menm mizè ak nou.Se batay ki gen estrateji, ki mete edikasyon, etik, eklèsisman kòm fondasyon. Se fè chwa kolektivman, mete fanm ak jèn nan mitan devlopman.

Yo boule, yo piye, yo dechouke komin sa yo. Men nou pap kraze lespwa.
Resireksyon popilè ka chanje balans lan. Lè nou fè mobilizasyon sou baz diyite, sou baz demand estriktire, sou baz pwoteksyon kolektif, nou ka fè sa yo pa t panse posib.Lè Leta pa la, sèl repons la se solidarite pèp la.

Resireksyon popilè, se pa istwa lontan. Se nesesite jodi a. Se lanmou k ap pouse nou pa refize viv nan pe ankò. Si nou mete tèt ansanm, si nou mete diyite pi wo pase lajan, si nou mete Ayiti pi wo pase inyorans politik, pa gen anyen ki ka mete nou ajenou ankò.
Paske, jan istwa te montre l, “Pèp ki leve pou kont li, pa gen pouvwa ki ka mete l ajenou.”

Redaksyon Centre à la Une
Yon lòt Ayiti posib, men li pap vin pou nou si nou pa leve pou li.

Jean Launy AVRIL, redaktè-centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar