Yon heritaj politik ki pa bay fwi : bilan 20 dènye ane yo

Depatman Sant, zòn istorikman rich sou plan kiltirèl ak jeyopolitik, te gen chans, pandan ven (20) dènye ane yo, pou li ofri Ayiti yon pakèt aktè politik ki te monte nan tout echèl pouvwa a. Edmonde Supplice Beauzile, fanm ki te batay sou sèn politik la kòm depite, senatris, e lidè pati politik; Desras Simon Dieuseul, ki te prezidan e dirije Sena Repiblik la pandan plizyè peryòd ; Willot Joseph, lidè popilè, pase kòm depite epi senatè; Descoline Abel, ki te reprezante zòn nan plizyè fwa nan palman; Rony Célestin, depite, senatè ak alafwa manm enpòtan nan gran machin politik; Joanas Gué, ansyen minis; Jouthe Joseph, ansyen Premye Minis repiblik la, pou n site sa yo sèlman. Tout non sa yo ta sipoze vin senbòl fyète, men jodi a, yo tounen non ki pa gen pwa ankò nan batay kont degradasyon sosyal , politik ak sekiritè depatman an ap viv.

Nou pa bezwen fè gwo rechèch pou konstate ke prezans tout pèsonalite sa yo pa chanje anyen sou fond nan lavi popilasyon an. Anpil te genyen, anpil toujou la, men pèp la kontinye ap soufri anba yon abandon planifye. Sa ki pa ka neglije se jan pèp la ap viv jodi a poze tèt li kesyon : kote figi sa yo pase lè lavi chak jou ap vin pi ensoutni? Èske se pa moman pou n sispann mezire reprezantan ak kantite afich yo mete, men pito ak rezilta yo pwodwi?

Mibalè ak Sodo : twa mwa anba teworis, tout lidè politik sa yo endiferan nan fason yap aji

Depi plis pase twa mwa, vil Mibalè ak Sodo de pilye enpòtan nan depatman an ap viv anba kontwòl gang ame ki sezi tout aksè, paralize tout aktivite, e mete popilasyon an anba dominasyon ak laperèz. Gade sa : pa gen yon sèl apèl ijan, yon konferans solidarite, yon mouvman konsèné oswa kominike ofisyèl ki soti ni nan ansyen minis, ni ansyen premye minis, ni ansyen senatè, ni lidè politik ki soti dirèkteman nan depatman sa chak ap regle zafè pa yo . Se yon silans asasen, yon demisyon kolektif ki trayi memwa tout sa ki te konn kwè nan politik kòm zouti pou soulajman sosyal.

Kontrèman ak sa nou ta espere nan moman sa yo kote otorite moral ak politik dwe pran la pawòl, sa ki parèt se absans, dezengajman, e plis pase sa : yon kalkil frèt sou sak ka rapòte politikman, olye de sa ki ka delivre pèp la.

Enterè pèsonèl pi fò pase dezi pou mete tèt yo ansanm?

Reyalite a se ke, malgre tout sa chak lidè sa yo reprezante sou papye, yo pa janm rive mete fòs yo ansanm pou konstwi yon estrikti solid, entèdepandan, ki ta ka sèvi kòm baryè kont kriz sa. Olye de sa, chak aktè parèt tankou yon zile izole, ki fonksyone selon enterè pèsonèl li oswa gwoup li. Se pa vizyon ki anime yo, men pito estrateji pou mete tèt yo an valè yon “politik sèn pèsonèl” ki fè wè se pa peyi a ni pèp la ki sou ajanda yo.

Sa nou wè, se echèk konsèp solidarite politik. Enterè kominotè se toujou dezyèm plan. Kidonk, chita pale, konsiltasyon, ak planifikasyon kolektif vin toujou absan, e sa pèmèt vyolans, degradasyon, ak dezespwa blayi sou demen miyò pèp la ap chache.

Èske se enkonpetans, ipokrizi, ou mank vizyon ki fè yo pa gen lòt solisyon pase blende ak anjen lou ?

Depi gang ame mete men sou teritwa yo, tout sa nou tande se apèl pou misyon blende, entèvansyon etranje, e sipò anjen lou. Men kote refleksyon entelektyèl, analiz sekirite kominotè, oubyen modèl devlopman lokal ki chita sou prevansyon? Okenn nan moun sa yo, ki te sou pouvwa, pa janm mete sou pye okenn mekanis reyalis pou entegre sekirite ak devlopman. Se tankou blende se sèl solisyon yo konnen. E sa mande pou n poze tèt nou kesyon : èske se paske yo pa konn lòt solisyon? Oswa yo refize chèche? Oswa yo pa janm vle mete bon jan ekip entelektyèl, operatè devlopman ak etidyan tèt ansanm pou ede yo konstwi yon vizyon modèn?

Yon lidè politik ki pase nan tout echèl leta, men ki pa gen yon sèl analiz konsistan sou kijan pou mete lòd ak estabilite nan zòn li, se swa enkonpetan, swa pa gen volonte.

Politik fè wè : chak ap fè ti bagay pa yo, pèp la lage pou kont li

Anplis inisyativ kolektif ki manke, gen yon lòt fenomèn ki dechire plis popilasyon an : politik fè wè. Chak aktè sanble ap chèche kraze rido pou mete drapo sou tèt li. Regwoupman ti patizan, lansman inisyativ endividyèl, distribisyon èd alekriye… Men pa gen okenn mete ansanm. Pa gen okenn estrikti kolektif, okenn refleksyon entegre sou jan pou n sove depatman an.

Sa k pi grav la, tout sa pa jenere okenn rezilta. Paske pise gaye pa kimen. Se pa lè tout moun ap fè ti bagay pa yo, san kowòdinasyon, ke nou kapab jwenn solisyon a kriz sistemik sa. Se pa ti mizikal “mwen la mwen fè” ki ka retire moun Mibalè ak Sodo nan masak. Pèp la bezwen bon jan politik, pa show mediàtik.

Konklizyon : Plizyè non, pa menm yon vizyon striktire

Depatman Sant se pa youn ki pa gen aktè politik. Okontrè, li gen twòp! Men se pa kantite ki manke, se konsyans. Se pa pozisyon yo ki pa ekziste, se aksyon ki pa pran. Si pandan 20 ane, ak tout lis non ki pase sou pouvwa a, pèp la ap viv pi mal chak jou, se prèv ke gen yon pwoblèm de baz nan sa nou rele reprezantan politik yo.

Mibalè ak Sodo pa bezwen anplis pawòl vid. Yo bezwen yon mobilizasyon otantik, kolektif, ki mete sou pye yon mekanis dirab pou sekirite, edikasyon, sante, ak devlopman. E si sa pa fèt, nou ka di avèk detèminasyon : depatman Sant la se pa te manke chans li, men se lidè li yo ki trayi l, ak tout pèp ki te mete espwa nan men yo.

Jean Launy AVRIL, editoryalis-Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar