Donald Trump ak Elon Musk pa janm te zanmi solid. Se te yon alyans enteresan, menm si pa janm total. Jodi a, relasyon yo tonbe pi ba pase tout tan, apre yon deklarasyon frontal ansyen prezidan ameriken an mete sou tab kont patwon Tesla a. Repons Trump lan pa t kite plas pou entèpretasyon:« Li ta dwe retounen lakay li ann Afrik di Sid. »
« N ap etidye posibilite pou depòte Elon Musk usk ki te natiralize kòm Ameriken. »Prezidan DonaldTrump fè deklarasyon sa a madi 1e jiyè a suit ak kritik Musk fè sou lwa bidjetè ki batize Big_Beautiful_Bill la. Patron Tesla a di lwa sa a se yon menas pou inovasyon ak enèji pwòp.
Se ak fraz sa a li deside kraze tout pon ak Musk, apre nouvèl ki di milyadè a ta vle lanse yon mouvman oswa « Parti de l’Amérique » pou konbat enfliyans Trump nan eleksyon 2024 yo. Sa vini kòm pi gwo atak Trump lan kont Musk depi lontan, mete fen nan yon relasyon ki te gentan frape ròch pandan plizyè mwa.
Nan epòk Trump te sou pouvwa (2017–2021), Elon Musk te jwe wòl obsèvatè kritik. Li te antre ak sòti nan Konsèy Konsiltatif Trump la, e li te opoze ak desizyon Trump te pran pou retire Etazini nan Acord de Paris sou chanjman klimatik. Men, li pa t janm al lwen nan opozisyon li. Li te parèt tankou yon moun ki t ap jwe kat li ak entèlijans pou benefis enstitisyon li yo, san l pa mare tèt li politikman.
Apre eleksyon 2020 yo, Elon Musk te montre l pi kritik sou sistèm elektoral la, e li te pouse narasyon ki sanble ak sa Trump te itilize sou fwod elektoral, san l pa janm konfime li t ap sipòte Trump pou 2024.
Se sou rezo sosyal X (ansyen Twitter), ke Musk achte ak anpil bri, li te kòmanse fè plis deklarasyon politik. Li te kritike Demokrat yo, defann pozisyon dwat sou imigrasyon, sou lekòl, sou libète ekspresyon. Anpil te panse li t ap rale pi pre Trump. Men, li te mete limit li: li pa t janm di li t ap vote pou Trump. Olye de sa, li te voye siy li ta ka kreye pwòp mouvman li , sa Trump wè tankou yon trayizon.
Nan dènye tan sa yo, Musk te multiplie siy li vle angaje politikman, menm si li pa kandida. Se deklarasyon sou “Parti de l’Amérique” a ki mete dife. Yon pati ki ta vle rasanble « entèlijans ak bon sans » kont « fanatik ak demagòg », selon kèk pwòch li.
Nan stil pa li, Trump pa t pran tan pou l reponn ak agresivite. Li mete nan kesyon lejitimite Elon Musk nan politik ameriken an menm, pa rapò ak orijin li. Li trennen l nan labou, ak imigrasyon li kòm zam:
“Li ta dwe retounen lakay li ann Afrik di Sid.”
Yon fraz ki sonnen kòm eksklizyon politik ak moral.
Dèyè fraz sa, se tout ide sou nasyonalis blan ak eksklizyon ki leve. Trump, ki toujou defann yon vizyon ultra-nasyonal Ameriken, voye Musk jete kòm “etranje ki pa gen plas nan nwayo pouvwa politik Ameriken an.”
Ant yon milyadè ki vle dirije rezo sosyal, entèvni sou imigrasyon, teknoloji, edikasyon ak menm AI, epi yon ansyen prezidan ki toujou domine baz Repibliken an, se yon konfwontasyon ant de gwo egoyis ki pa vle pataje limyè.
Relasyon Trump ak Musk reflete yon tandans pi laj nan politik mondyal la: enterè prive, medyatik ak teknolojik pa vle rete lwen pouvwa politik. Men li mete tou an ekleraj limit danjere personalizasyon politik la, kote de moun vin pi gwo pase pati, ideyoloji, oswa menm demokrasi.