Nan listwa malouk Ayiti ap viv la, gen kèk mo ki pran tout sans yo nan reyalite a: « pe », « grangou », « laperèz », « wont », « trayi ». Jodi a, pèp ayisyen an pa viv, li pa egziste, li pa respire. Se sèlman otorite ak bandi ki jwenn dwa viv ak respire an Ayiti. Se yo k ap mete règ sou teritwa, ki ap jere kadav, k ap kouri ak bal, pandan pèp la ap mouri akoupi, pandan chen ap tranpe kasav ak trankilite. Se pa imaj poetik, se reyalite abitan Mibalè, Sodo, Pòtoprens, Latibonit ap viv chak jou.
Pandan gang ap kraze brize, fòse fanmi kite kay yo, simen trajedi nan lari, mete lekòl ak lopital deyò sou tèt yo, otorite yo fè silans. Yo fè kòm si se pa yo ki la pou sèvi. Yo pi alèz ap siyen kontra diplomatik, ap chita ak OEA, ap fè vwayaj entènasyonal, pandan Pèp la ap dòmi atè, anba tant, ak je l nan syèl ap tann lapli pa tonbe sou timoun l. Lè ou tande deklarasyon yo, ou ta panse tout bagay anfòm. Lè ou gade figi yo, ou pa ka wè okenn doulè, ou pa ka wè okenn traka. Se paske yo pa pataje reyalite ak pèp la. Se tankou yo soti nan yon lòt peyi, oswa yo gen yon lòt Ayiti pou tèt yo.
Moun k ap viv sou tè sa a pa gen aksè ak manje, pa gen dlo, pa gen lekòl, pa gen swen. Si ou malad, ou mouri. Si ou grangou, ou dòmi. Si ou pè, ou fè silans. Men gen yon verite ki pi cho pase tout sa: se chen k ap tranpe kasav. Se bèt ki gen sekirite, ki manje chak jou, ki gen swen veterinè, pandan timoun mouri ak malnitrisyon. Nou vin tounen pèp ki pi ba pase bèt, paske otorite nou yo mete tèt yo ak sa yo rele teworis, mete sistèm nan pou yo ka kontinye pwofite sou do sa yo ki pa gen vwa, sa yo ki pa gen zam.

Tout sa k ap fèt la se paske pa gen jistis, pa gen konsekans. Se yon peyi kote se responsab ki pa responsab. Se yon peyi kote ou ka fè krim, ou vin minis, ou ka asasinen, ou vin senatè. Otorite ak bandi fè bakopa, yo mete lajan anba tab, yo kontwole resous peyi a, e pa gen moun ki ka mande kont. Sa fè pèp la dekouraje, li fè li pa kwè nan okenn eleksyon, okenn refòm, okenn promès.
Men ki kote nou prale konsa? Èske Ayiti pa ka janm fè chwa pou l pran destin li an men? Èske tout jenerasyon ap vin pase pou yo wè menm sik vyolans, menm aktè, menm sistèm lan k ap kontinye vale peyi a tankou yon maladi san gerizon?
Sèl chemen ki louvri jodi a, se konsyans. Sèl veritab resireksyon posib se sila ki soti nan kè pèp la, kote li di NON ak enpinite, ak koripsyon, ak krim politik. Se moman pou moun ki serye yo mete tèt ansanm, pou chita sou menm tab, mete estrateji, chita sou fondasyon onètete ak jistis. Nou pa ka kontinye ap viv nan yon peyi kote chèz pouvwa yo pi enpòtan pase lavi moun, kote zèl politik yo pi solid pase lekòl timoun yo.
Jean Launy AVRIL,Editoryalis – Centre à la Une