kritik
Depi asasina Prezidan Jovenel Moïse nan nwit 7 jiyè 2021, Ayiti pa janm sispann glise sou pant dezespwa. Yon lanmò ki te sipoze chanje dinamik kriz politik la, tounen pi gwo aksidan politik ak sekirite peyi a te janm konnen. Epi, ironikman, sa ki te rele tèt yo « opozisyon radikal » e ki te pran pòz sovè nasyon, rive nan tèt pouvwa, ak benediksyon CARICOM, OEA, ak lòt aktè entènasyonal ki di yo « preokipe » pa sityasyon Ayiti. Men kisa sa bay? Dezas.
Jodi a, plis pase 14 mwa depi « Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an » ap mennen yon peyi san direksyon, san estrateji, san rezilta. Se KORIPSYON ki vin chèf pouvwa a, se enpinite ki mete kòd ranje. CARICOM ak OEA ki te mete moun sa yo sou pouvwa a, ki kalifye yo kòm « sali politik », kounye a ap fè woulèt pou mande « gouvènman konpetan ak serye ». Men èske yo pa te konnen sa yo t ap mete la? Eske se pèp Ayisyen ki te mete KPT sa? Eske se nou ki te vote Fritz Alphonse Jean? Eske se Ayisyen ki te nonmen Ariel Henry? Non. Se kominote entènasyonal la.
Koulye a, CARICOM ap òganize reyinyon pou 1e jiyè, kote yo te envite plizyè aktè ayisyen pou di kisa ankò? Pou mete ki lòt manch long? Pou « koute »? Yo te tande deja. Yo tande depi konferans Montana, depi Montana tonbe. Yo tande depi 2021, depi chak reyinyon sou kriz la. Yo tande anpil, men se sa ki reponn: se vyolans, se gang, se krim, se grangou. Tandiske yo di yo gen “vizyon” pou Ayiti, vizyon an tounen bwouya, e sa ki pi enpòtan pèp la pa ladan l.
Pandan se tan, popilasyon an ap mouri nan lari. Gang kontwole Pòtoprens, Latibonit, Sant, Sid, menm kote misyon entènasyonal la te sipoze libere. Misyon sa yo ap koute dè dizèn milyon dola ameriken, mete ak èd imanitè ki pa janm sòti nan papye. Epi, pandan y ap mete kè sou kò, otorite yo ap vòlè sa ki rete nan fon Leta, ap siyen kontra nan nwa, ap fè akò dèyè do pèp la. Èske CARICOM pa t konnen sa? Èske OEA pa wè echèk sa yo?
Kidonk, kisa yo vini fè ankò? Bay leson? Bay direktiv? Mande chanjman? Chita ak KPT yo mete, pou di KPT pa fonksyone? Se tenten.
Ayiti pa bezwen lòt rankont, lòt plan tranzisyon, lòt tab wonn. Ayiti bezwen yon levanjil politik ki mete diyite ak souverènte pèp la an premye. Ayiti bezwen moun ki pa soti nan « deal » diplomatik, men ki soti nan konsyans nasyonal. Ayiti bezwen leve tèt li, pa bezwen lòt baton blanchi pou mete tèt li anba.
Nou ka mande tèt nou: ki leson CARICOM ak OEA ka bay, si se yo ki mete echèk sou chèz? Ki moralite diplomatik sa ye, lè w mete yon ekip sou pouvwa, epi w vin plenyen aprè paske yo pa efikas?
Lavi pèp Ayisyen pa eksperyans laboratwa. Nasyon pa pye plant ou kapab resiye chak sis (6) mwa. Lè yo mete move grenn sou pouvwa, move pyebwa pouse. CARICOM ak OEA pa ka fè san bliye, paske se yo ki te pote move grenn yo.
Jean Launy AVRIL,Redaktè– Centre à la Une