Peyi a pa an danje. Li deja pran. Chak jou pote non yon nouvo vil ki tombe, chak semèn se yon komin ki pèdi tèt li. Aprè Sodo, Mibalè, Lachapèl, kounye a se Laskawobas k ap mete men nan tèt, k ap gade lakay tounen lansan. Fènwa a pa sèlman elektrik; li vin politik, li vin enstitisyonèl, li vin nasyonal.Ayiti pa sou wout debakad, li deja sou falèz.

Leta sanble ap suiv trajedi a sou televizyon, menm jan ak popilasyon an. Se tankou se pa yo ki sipoze mete limit. Yo bati pwojè, y ap depanse plizyè dizèn milye dola nan bagay fiktif, se tankou yon elikoptè ki pa janm sove pèsonn, ki pa janm atè lè pèp la ap mouri anba zam. Menm jan ak lòt « pwojè bidon », yo sèvi pou pale bèl sou papye, pandan tè a ap tranble anba pye viktim yo.
Ki valè enjenlou lè timoun ap dòmi nan ravin, fanm ansent ap kouri nan bwa, ak granmoun k ap kriye san asistans?

Laskawobas se pa yon pwen sou kat. Se kè depatman Sant la, se kè pèp la. E kounye a, kè sa a ap bat ak krent, pa ak espwa.
Nou tande se CARICOM, CPT, PM transitwa, fòs miltinasyonal, OEA… Non ap sikile, men rezilta se sangin. Tout sa ki pale pou pèp la ap viv pou tèt pa yo. Tout sa ki gouvène pèp la ap viv lwen pèp la. Yo pa viv reyalite Laskawobas, kote fimen pa sòti nan kizin ankò, men soti nan kay k ap brile.

Nou pa kapab kontinye mete tout chay liberasyon sou do pèp la pandan tout privilèj repoze sou zepòl gouvènman an.
Lè Laskawobas ap kouri, Ayiti pa lwen fini.
Lè chak jou pote plis refijye lakay pase refijye aletranje, lè nèg ak zam gen plis pouvwa pase senatè, minis, ak komisè, nou pa ka pale de kriz. Nou dwe pale de konplo.

Poukisa tout mitan peyi a ap tonbe, san okenn plan delivrans? Kisa gouvènman an fè ak antant li yo? Èske n ap tann tout peyi a fin kouri pou mande: kiyès k ap tounen?

Laskawobas se dènye senbòl sa nou pa dwe pèdi: rasin, valè, rezo . Si li pèdi tou, sa vle di sa n ap viv la, se pa aksidan, se abandon òganize.

Jean Launy AVRIL, Editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar