Konsèy lòd avoka Pòtoprens yo anonse, lendi 7 jiyè 2025 lan, entèdiksyon Mèt Caleb Jean-Baptiste pou plede nan jiridiksyon Pòtoprens lan. Desizyon disiplinè sa ki te rann jedi 3 jiyè a pa Konsèy Disiplin nan te vini aprè divès akizasyon nan egzèsis ilegal pwofesyon an.

Anplis entèdiksyon sila, sou lòd Bawo a yo fèmen kabinè Caleb Jean Baptiste & Associés Law Firm, ki twouve li nan Dèlma 83. Òd avoka yo prezise mezi sa « vize pwoteje piblik la ak prezève entegrite pwofesyon jiridik la ».

Dosye Mèt Caleb Jean Baptiste la transmèt nan Bawo Aken ki se jiridiksyon orijin li pou suit legal apwopriye yo. Èske desizyon sa make yon siyal fò bò kote otorite disiplinè yo nan Bawo kapital la nan volonte yo genyen pou fè respekte règ deyontolojik pwofesyon avoka ?

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841