Ansyen Sekretè jeneral Konsèy minis yo sou prezidans Jovenel Moïse, Rénald Lubérice konparèt devan kou dapèl Pòtoprens, lendi 7 jiyè 2025 lan, nan kad ankèt sou asasina prezidan ayisyen an ki te fèt nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè 2021.

Konparisyon sa vini aprè yon òdonans jij enstriksyon an Walther Wesser Voltaire te enkilpe Mesye Lubérice pou konplisite nan asasina. Yo repwoche Rénald Lubérice, daprè dosye a, li te fasilite oubyen kouvri sèten aksyon ki lye avèk konplo ki mennen ak lanmò chèf Leta.

Odisyon Rénald Lubérice vini nan yon kontèks kote dosye a ap konnen yon lòt tounan piske yo kontinye ap konvoke oubyen mete an koz plizyè pèsonalite politik ak sekiritè. Semèn pase a, ansyen Premye minis sou administrasyon prezidan asasine a Claude Joseph te rann li pandan plizyè fwa nan kou dapèl.

Plizyè lòt pèsonalite endekse nan òdonans jij enstriktè Walther Wesser Voltaire tankou ansyèn premyè dam ak vèv prezidan asasine a, Martine Moïse ; ansyen responsab sekirite Palè Nasyonal la, Dimitri Herard ; ansyen Direktè Jeneral Polis Nasyonal Ayiti (PNH) la, Léon Charles ; ak plizyè lòt pèsonalite ki pa reponn a envitasyon Kou dapèl Pòtoprens.

Si lajistis amerikèn deja kondane plizyè endividi ki enplike nan konplo a, bò kote lajistis ayisyèn okenn kondanasyon pa ankò pwononse. Kat (4) lane aprè asasina prezidan Jovenel Moïse, èske mistè ak enpinite ap pèsiste an Ayiti ?

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841