Kisa ki pou fèt pou frennen desann nan lanfè goud la ? Ba 150 goud pou 1 dola ameriken prèske franchi, Kowòdonatè Konsèy prezidansyèl tranzisyon an Fritz Alphonse Jean ak Premye minis Alix Didier Fils-Aimé dwe fè dè chwa. Depi lontan, plizyè ekonomis pami yo Etzer Émile sigjere divès mezi pou kanpe san goud la k ap senyen, anyen pa fèt !

Jodi a, yon moun bezwen prèske 140 goud pou 1 dola ameriken. Degrenngolad lajan nasyonal la depase enkyetid. Sa fè pè. E trè pè. To chanj lan sòti nan 77.35 goud pou 1 dola ameriken nan janvye 2019 pou rive 130.8904 goud pou 1 dola ameriken nan jiyè 2025. Monte enpresyonan deviz amerikèn nan pa rete san konsekans sou ekonomi ayisyèn nan.

<< Pwodui, se remèd la >>, se sa ekonomis yo souvan reponn pou n pa di toujou reponn nan yon sèl e menm vwa. Pami yo, n ap site ekonomis Eddy Labossière, Enomy Germain, Etzer Émile. Se yon verite, depresiyasyon (bès valè yon lajan parapò ak lòt deviz sou mache chanj lan) san kanpe goud la twouve orijin li nan absans pwodiksyon agrikòl sifizan pou ekspòtasyon ak konsomasyon lokal.

Sekou pou goud la !

Di enstabilite politik la ap malmennen sante ekonomi ayisyèn nan devni yon kliche. Sa pi grav e li mande aksyon dilijan ak trè rapid bò kote gouvènman an ki dwe fè tout bagay pou kreye yon bon jan klima ki favorize envestisman lokal ak etranje epi fè bese to enflasyon a 2 chif la.

Plis pase jamè, kesyon an ki poze a grav. Kisa ki pou fèt pou kanpe goud la k ap senyen ? Dwe genyen kèk bagay ki fèt, pou frennen depresiyasyon deviz nasyonal la. Lè yon trè gran majorite sitwayen deside eksprime kòlè yo fas dola ameriken an ki pa sispann monte, KPT a ak Primati a ap retwouve yo nan difikilte.

Ekonomis ayisyen yo prèske tout rekonèt << dolarizasyon enfòmèl mache a pote gran prejidis (tò ; domaj) a lajan lokal la >>. << Ekonomis, òm dafè e menm gouvènè BRH wè yo souvan nan re-di kèk verite yo te di deja >>. Selon Jean Badin Dubois, << san yon politik agrikòl efikas ak efisyan, san pwodiksyon sèvis ak byen, mezi Bank Repiblik Ayiti pran yo pou kontni depresiyasyon an revele yo toujou san gran efè >>, daprè agiman li avanse, se sa nou li nan kolòn Magazine Challenges (Avril 2017).

Pi lwen, gouvènè Bank Santral la << te preche levanjil amonizasyon ant BRH ki chaje pou pwoteje lajan lokal la, ministè ekonomi ak finans ki se jesyonè politik fiskal ak Leta an jeneral ki se responsab politik piblik >>.

<< To chanj aktyèl la kontinye ap peze lou sou pouvwa acha fanmi ayisyèn yo. To referans BRH (Bank Repiblik Ayiti) pou jodi a, 10 jiyè 2025, se 130.8904 goud pou 1 dola ameriken. Mache bankè a afiche yon to acha 130.4396 e yon to vant 131.6229, tandiske mache enfòmèl la afiche yon to acha 131.6500 e yon to vant 136.4000. >>

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Jacky Médé FONTAINE

Mwen se Jacky Médé FONTAINE, m se Jounalis, Kwonikè espòtif, Etidyan nan Dwa.