Yon rezonman ki pa jis emosyonèl, men estriktirèl

Depi plizyè dizèn lane, pèp ayisyen an temwen yon reyalite ki fache, ki boule nan konsyans kolektif li:kèlkeswa moun ki monte sou pouvwa a, pa pase lontan san pou pa gen vwa ki swete li tonbe, li kraze, li echwe. Sitiyasyon sa a pa senpman paske pèp la rayi otorite, men li se rezilta yon seri kontradiksyon istorik, moral, politik ak estriktirèl ki mete baz sou yon klima kote lidè pa jwenn benediksyon ni konfyans, men sèlman opozisyon, sabòtaj ak pèzons. Men ki jan nou rive la?

Pouvwa pa janm tounen yon sèvis piblik, men yon privilèj pèsonèl

Nan majorite ka, moun ki monte sou pouvwa an Ayiti pa janm wè tèt yo kòm sèvitè piblik, men plis kòm mèt pouvwa a. Sa lakoz yo vin gen tandans mete fanmi yo, zanmi yo, gwoup patizan yo nan tout pozisyon estratejik, pandan majorite pèp la kontinye ap soufri. Konpòtman sa a bay popilasyon an rezon pou li pa mete okenn espwa nan okenn gouvènman. E poutan, lè pèp la jwenn sa li konsidere kòm yon lòt klas opresè, li pa kwè ankò nan eleksyon, ni nan tranzisyon, ni nan opozisyon, li vin soude ak yon sèl panse: tout moun ki monte sou pouvwa, se pou yo echwe, paske « yo tout menm bagay. »

Opozisyon an pa konstwi pou chanjman, men pou ranplasman

Yon lòt aspè grav se jan opozisyon politik la konstwi an Ayiti. Li pa fonde sou lide konstriksyon kolektif, oswa sou vizyon altènatif; li fonde sou rans, denigreman, ak estrateji pou ranplase ekip anplas la. Donk, li vin pi enpòtan pou kraze gouvènman an pase pou pwopoze solisyon serye pou peyi a. Se konsa, nan je pèp la, tout lidè sanble tankou chat kap chache manje, olye yo parèt tankou moun ki pote lespwa. Lè moun ki te nan opozisyon monte sou pouvwa, yo repwodui menm erè yo te kritike, paske yo pa janm te prepare pou gouvène, men sèlman pou rache chèz. Rezilta? Pwomès pa reyalize, ilizyon tonbe, e regrè ranplase tout diskou espwa.

Konpetisyon ant Ayisyen vin tounen yon lagè pou detwi lòt

Nan kilti politik ayisyen an, siksè yon lòt se pa yon motivasyon; li se yon menas. Lè yon moun rive mete lòd, fè bon jan aksyon, oswa gen vizyon, li pa resevwa sipò, li resevwa jalouzi, sabòtaj, ak opozisyon fò. Se sa k eksplike anpil gouvènman, depi premye mwa yo sou pouvwa, jwenn atak sou tout bò, pa sèlman pou korije yo, men pou yo pa reyisi ditou. Konpòtman sa a sòti nan yon mantalite kote siksè se pa kolektif, men pèsonèl, e li pa enspire, li fache. Se konsa, Ayiti vin tounen yon peyi kote siksè se krim, e echèk se soulajman.

Aprè Jovenel Moïse, opozisyon an pèdi kredibilite li
Opozisyon politik radikal la te pwomèt solisyon, refòm, chanjman estriktirèl. Yo te di: « Jovenel dwe ale », e « lè l ale, peyi a ap reprann. » Men, aprè asasina li, apre plizyè tranzisyon, soti nan Ariel Henry, rive jiska Konsèy Prezidansyèl la, nou jwenn pi gwo degradasyon peyi a janm konnen: plis vyolans, plis gang, plis povrete, plis imigrasyon masiv, ak plis dekourajman. Olye opozisyon an admèt echèk li, li kontinye jwe politik bouda sou chèz, pandan pèp la ap pèdi pitit li chak jou. Se sa ki fè, jodi a, moun ki te swete echèk Jovenel yo, ap regrèt e ap mande tèt yo: èske li te pi mal pase sa nou genyen jodi a?

Pèp la pèdi konfyans, e li pa kwè nan okenn sòti

Sa ki pi danjere nan tout sa, se jan pèp la vin pran echèk sa yo kòm nòmal. Li pa kwè nan okenn lidè, li pa kwè nan eleksyon, li pa kwè nan estrikti. Sa fè li vin pliye sou tèt li, li chita sou misè li, li tann swa lanmò, swa emigre. Yon pèp ki pa kwè nan tèt li, ni nan okenn lidè, se yon pèp ki pa ka rebati anyen. Se egzakteman sa k ap pase an Ayiti. E depi moun monte sou pouvwa, san sipò popilè, li pa ka reyisi menm si li gen bon volonte. Se konsa menm moun ki ta vle fè chanjman jwenn tèt yo izole, fragil, ak san mwayen. Donk echèk la kolektivize, malgre li parèt pèsonèl.

Si nou pa vle moun sou pouvwa toujou echwe, fòk nou chanje kilti politik la. Ayiti pa bezwen « lòt moun » sou pouvwa; li bezwen lòt fason panse pouvwa. Fòk nou kite mantalite « li se lènmi m, se pou li tonbe », e rantre nan mantalite « se li ki gen chaj peyi a, ann ede l reyisi, paske si li tonbe, se nou tout ki tonbe. » Pandan peyi a ap soufri, pandan jèn yo ap pèdi tèt, pandan fanm ak gason ap kouri ale bò lanmè, nou pa ka kontinye selebre echèk moun. Se pa destriksyon moun ki mete limyè sou lespwa; se konstriksyon nasyon an.

Ann chanje mantalite a. Ann kite rayisman ak jalouzi. Ann sispann swete echèk, e kòmanse bati espwa.

Jean Launy Avril, editoryalis centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar