Nan yon kominike primati mete deyò, yo fè konnen premye minis Alix Didier Fils-Aimé deplase vandredi 11 jiyè 2025 lan pou rann li Etazini nan yon misyon ofisyèl.

Biwo primati a fè konnen vizit ofisyèl sila enskri nan kad gran priyorite nasyonal.

Pilye yo fè konnen toune sila enskri li nan kad diplomasi aktif gouvènman an ap mennen pou konsolide patenarya estratejik ak alye Ayiti yo. Primati di premye minis lan ap genyen pou li rankontre gwo responsab Etazini pou diskite sou: lit kont ensekirite, relans ekonomik ak pwosesis eleksyon.

Delegasyon an konpoze de: Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, Sekretè deta sekirite piblik, Mario Andresol, konseye premye minis lan Guerly Leriche ak sekirite rapwoche premye minis lan Amòs Dorival.

Premye minis lan ap genyen pou retounen nan peyi a 17 jiyè 2025 lan.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841