Egzamen Leta 2025. Plis pase 109 000 kandida prale nan bakaloreya lane sa. Sou 109 712 kandida ki enskri : 45 008 sòti nan depatman Lwès, 13 015 nan Latibonit ak 12 371 nan Nò. Twa (3) depatman sa yo kontabilize 64,16% nan efektif kandida ki pral sibi eprèv ofisyèl bakaloreya yo.

Sòti 14 pou rive 17 jiyè 2025, 109 712 kandida nan tout peyi a pral patisipe nan egzamen bakaloreya yo, daprè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP). Ministè a afime li boukle esansyèl preparatif yo : fich egzamen yo enprime e yo voye yo nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) yo pou distribisyon, sant egzamen yo idantifye e yo prè pou akeyi kandida yo.

Pou egzamen bakaloreya yo lane sa, 430 tèks egzamen elabore pou 11 disiplin, tout konfòm avèk pwogram ofisyèl yo. Dokiman sa yo prepare e yo pran ankont tan reyèl aprantisaj elèv yo te genyen pandan lane a.

N ap raple, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl te mete sou pye yon pwogram konpansasyon ki touche 43,75% kandida. Prèske 48 000 kandida benefisye lane sa Pwogram nasyonal konpansasyon aprantisaj yo pou pèmèt kandida yo rekipere jiska 180 zè kou ki repati sou 12 semèn. Yon inisyativ MENFP salye kòm yon repons konkrè parapò a pètibasyon kalandriye eskolè a.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841