Yon kontra ant gouvènman Ayisyen an ak yon konpayi sekirite ameriken ap tann siyati Premye Minis de facto a, Alix Didier Fils-Aimé, depi plis pase yon mwa.
Kontra sa a Ayiti dwe siyen ak Security Partners LLC, gen pou objektif mennen plizyè ansyen militè byen ekipe ann Ayiti pou konbat gang yo. Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé refize parafe kontra a, alòske prezidan KPT a, Firtz Alphonse Jean, deja siyen dokiman an. Kontra sa a genyen 18 atik ladan l.
Premye Minis de facto a refize siyen l pandan l ap tann reprezantan sektè prive a pran KPT a konsè Laurent Saint-Cyr pran tèt pouvwa a.
Nan sans sa, yon nòt diplomatik ki valide kontra a pral diskite pandan reyinyon li ak Sou-Sekretè Deta Christopher Landau nan dat 14 jiyè a, daprè yon sous diplomatik.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE