Nan Washington, Ozetazini, pm Ayisyen an Alix Didier Fils-Aimé rankontre lendi 14 jiyè 2025 la Sou-Sekretè Deta Ameriken an, Christopher Landau. Pandan plizyè èdtan, de 2 ofisyèl yo te diskite sou diferan pwoblèm Ayiti ap fè fas yo tankou: Sekirite, Eleksyon, Rekiperasyon teritwa pèdi yo, ak Estabilizasyon zòn fwontyè yo.
Sekretè Landau te eksprime sipò Etazini pou misyon sipò sekirite entènasyonal la Kenya ap dirije Ayiti a, li te afime Etazini pare pou ede lapolis Ayisyèn nan operasyon sou teren yo, epi pwomèt pou li aji rapidman sou pwoblèm entèdiksyon acha zam Etazini enpoze sou Ayiti a, yon mezi ki bloke fòs Ayisyèn yo pandan gang yo posede yon asenal trè lou epi sofistike.
Premye Minis Fils-Aimé te re-yafime angajman gouvènman an pou òganize eleksyon lib, onèt ak nan sekirite, pandan li mande pou yon koperasyon ranfòse pou retabli otorite leta a.
Vizit sa a make yon etap enpòtan nan diplomasi gouvènman Ayisyen an, pandan l ap chèche mobilize patnè entènasyonal li yo pou adrese kriz miltidimansyonèl sa a Ayiti ap fè fas.
Bò kote pa l, anbasad amerikèn ann Ayiti deklare: « Se te yon gran plezi pou nou te akeyi PM Ayisyen Didier Fils-Aimé, pou ranfòse angajman nou anvè estabilite ann Ayiti. Etazini kanpe bò kote pèp Ayisyen an nan demand yo pou sekirite, lapè, ak yon retou nan lòd. Nou sipòte moun k ap travay pou yon pi bon avni—epi nou pral mande kont ak tout moun ki responsab nan enstabilite Ayiti. »
Sous: Garry Pierre Paul Charles
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE