Security Council meeting on The question concerning Haiti. Vote

Menm mizik, menm chante, menm sinema. Le 14 jiyè 2025, Konsèy Sekirite Nasyon Zini (ONU) vote ankò pou renouvle manda Biwo Entegre Nasyon Zini ann Ayiti (BINUH) pou yon lòt peryòd sis mwa, jiska janvye 2026. Se pa premye fwa, e li pa sanble ap dènye fwa non plis. Chak sis mwa, yo fè nou menm ti seremoni a, menm diskou sou stabilite”, “sekirite”, “transisyon”, men rezilta yo se degradasyon, degradasyon, epi degradasyon ankò.

Moun ki ap viv Ayiti jodi a konnen byen ke BINUH se pa repons lan. Se plis yon dekwa diplomatik pou kouvri echèk sistemik kominote entènasyonal la, e pi mal toujou, pou bay lavi pèp la ilizyon ke y ap ede li. Antan n ap ekri editoryal sa a, gang ap touye, kraze, boule. Nan Latibonit, Lwès, Sant, ak lòt kote ankò, bandi ap dirije, pandan otorite lokal yo ap defile ak inisyativ ki pa gen dan. Kidonk, èske BINUH la se repons lan oswa se fasad?

Renouvèlman manda BINUH pa menm ale jiska yon ane, yo mete l sèlman pou sis mwa. Se pa paske yo vinn pi efikas, men paske menm Konsèy Sekirite a ap pèdi konfyans. Si yo te wè efikasite, yo ta bay plis tan. Men la a, yo fè l tounen yon dosye woutin, kote yo chanje chèf tankou moun ap chanje chèz, san okenn revizyon kritik sou echèk yo. María Isabelle Salvador ale, Carlos Ruiz Massieu vini. Men ki diferans sa ap fè si misyon an pa janm bay pèp la rezilta konkrè?

Anpil jèn, fanm, timoun ap mouri. Peyi a pa gen gouvènans. Sektè jistis la an degraba. Lapolis pèdi kontwòl. Sektè sante ak edikasyon se souf ti rèspiratè. Nan tout sa yo, ki kote BINUH te la? Ki misyon yo reyalize? Ki gang yo dezame? Ki dwa yo defann? Sa ki pi paradoksal la, se ke BINUH se pretèks otorite lokal yo pou pa fè anyen: Nou anba sipèvizyon BINUH”, “Nou ap tann evalyasyon BINUH, e se konsa yo kenbe kriz la vivan pou regle zafè pèsonèl ak politik.

Nou pa kont koperasyon entènasyonal. Men nou kont imilyasyon. Nou kont blanchi echèk sou do misyon ki pa ka jere dosye sekirite, dosye gouvènans, dosye dwa moun. Se pèp la ki kontinye peye frè a. Si se vre ke BINUH egziste pou ede nou, nou mande piblikman: ki rezilta yo? Ki bilan yo? Ki evalyasyon endepandan ki fèt? Si pa gen sa yo, se gaspiyaj tan, resous ak espwa.

Ayiti pa ka kontinye sèvi kòm laboratwa pou eksperyans diplomatik. Li lè, li tan pou n mete fen nan woutin misyon sa yo ki pa mennen okenn kote. Si BINUH pa ka bay rezilta, li dwe kite plas bay inisyativ ayisyen, konsepsyon ayisyen, ak solisyon ayisyen.

Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar