Mèkredi 16 jiyè 2025 la ta dwe make yon gwo moman espirityèl, kiltirèl ak nasyonal pou pèp Ayisyen. Se fèt Vyèj Mirak la, Sen Patwon komin Saut-d’Eau, li menm yo rele “Notre-Dame du Mont-Carmel de Saut-d’Eau” nan relijyon katolik. Fèt sa, chak ane, rasanble plizyè milye moun ki sòti toupatou nan peyi a pou vin priye, fè pelerinaj, benyen nan sous, epi mande gerizon ak mirak. Se yon moman de lanmou, de espwa, de eritaj, e yon gwo evenman ki ta dwe mete Leta Ayisyen sou pye pou pwoteje sa nou gen pi sakre nan kilti nou.
Men, malerezman, sèn ki dewoule jou fèt sa a se pa sa ki te fèt pou make nou. Se pa Prezidan an, ni premye minis, ni minis kilti, ni minis afè relijye, ni otorite depatman yo ki te parèt nan mès tradisyonèl la pou mete respè sou sa pèp la kwè. Non. Se te gang yo ki okipe plas la, tankou veritab “soti anwo ki desann anwo pèp la”.
Se te yon afichaj ofisyèl pouvwa Viv Ansanm, ak twa figi pi popilè l yo: Barbecue, Jeff Gwo Lwa ak Lanmò San Jou, ki te chita anndan Legliz Katolik Sodo a. Yo pa t vin simen laterè, non. Yo vin bay charite. Yo vin fè wòl otorite yo, yo vin ba pòv la sa Leta pa ba li, yo vin bay moral, bay valè, bay egzistans.
Se pa sèlman yon imilyasyon pou Saut-d’Eau ak pèp pèlren an. Se yon flach imilyasyon nasyonal pou Leta Ayisyen. Se prèv klè ke sou je tout moun, otorite yo pèdi tout kapasite pou kontwole peyi a.
Menmsi sa se te yon aksyon “charitab”, li montre klèman kouman gang yo ap ranplase Leta. Yo pran wòl relijyon, yo pran plas sèvis sosyal, yo jere espwa ak laperèz. Yo sèvi ak relijyon kòm zam enfliyans. E tout sa fèt san okenn entèferans otorite leta, san okenn pawòl, san okenn prezans, san okenn tèt cho, kòm si tout bagay nòmal.
Pèp la sezi. Yo choke. Yo endiyen. Yo kritike ak kòlè Leta ki kite gang sa yo rann tèt yo sen, mete kriminèl sou plas Sen yo. Nan Saut-d’Eau, kote lespwa dwe benyen anba sous Vyèj Mirak, se bandi ki tounen sen, e pèp la ap tann limyè… nan fènwa.
Ki kote nou prale konsa? Si jodi a se gang ki ap fè charite nan legliz pandan jou fèt relijye, e si pèp la ap tann èd yo tankou lespwa dènye chans… èske se pa prèv ke n ap viv anba yon dezyèm esklavaj, kote chenn lan pa fè an fè, men se laperèz, grangou ak dezespwa ki mare nou?
Nou pa kapab kontinye konsa. Nasyon an bezwen leve, mobilize, mete presyon sou otorite ki rete yo, pou reponn. Pou repran sa ki nou. Pou pwoteje sa ki sakre. Pou mete fen nan “Viv Ansanm” ak zam. Pou Sodo retounen senbòl lapè, lafwa, ak delivrans,pa tounen senbòl pè ak dominasyon gang.
Sodo, Ayiti pa dwe tounen tè kote kriminèl yo mete kolye Sen. Se tan pou fè silans kraze, pou kòlè pèp la tounen aksyon. Pou Ayiti reprann diyite l.
Jean Launy AVRIL, editoryalis Centre à la Une