An Ayiti, li vin nòmal pou moun ki sou pouvwa al chèche solisyon kriz peyi a aletranje, kòm si pa gen kapasite ni bonjan lide lakay pou mete lòd. Pratik sa vin sèvi kòm estrateji politik, men li mete an danje diyite nasyonal la. Chak fwa yon kriz parèt, olye pou yo konsilte pèp la, travay ak enstitisyon lokal yo, mete tèt ansanm ak kominote yo, se al fè vizit ofisyèl deyò pou montre tèt yo sou sèn entènasyonal.

Dènye egzanp lan se Premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, ki sot pase plizyè jou aletranje. Nan deklarasyon li yo, se plis dezilizyon pèp la jwenn. Li pa bay okenn plan klè, li pa di kisa li pral fè pou adrese ensekirite a, mizè a, ni degradasyon enstitisyon yo. Li fè konprann se blan ki gen solisyon pou Ayiti, men li bliye fè blan sa yo responsab pou anpil enjerans ak konfli ki te mete peyi a kote li ye jodi a.

Soti 1994 rive jounen jodi a, chak fwa gen kriz, gouvènman ayisyen yo al chèche asistans OEA, CARICOM, Nasyon Zini, oswa lòt pouvwa entènasyonal, men sa pa janm mennen okenn chanjman dirab. Se menm ensekirite a ki la, menm mank sèvis leta yo, menm popilasyon an ki ap soufri, pandan ofisyèl yo ap voye monte nan konferans aletranje, san yo pa janm pote solisyon tounen.

Nou dwe di li klè: solisyon kriz Ayiti a dwe fèt anndan peyi a, pa deyò. Se ak tèt ansanm, dyalòg sensè, ak angajman tout sektè, politik, relijye, sosyete sivil, jèn yo, fanm yo ,pou nou refonde sistèm lan. Pa gen blan ki ka konprann doulè ak bezwen pèp ayisyen an pi byen pase Ayisyen li menm.

Anplis, vwayaj sa yo koute chè. Se lajan leta y ap depanse pandan lopital pa fonksyone, lekòl ap fèmen, polisye pa touche. Otorite yo dwe mete resous yo sou sa ki pi enpòtan: sekirite, edikasyon, swen sante, travay, lojman. Se sa ki ka soulaje pèp la, se pa bèl diskou nan reyinyon entènasyonal.

Si nou pa mete limit ak mòd pratik sa yo, Ayiti pap janm leve kanpe. Peyi a bezwen gouvènans serye, transparans, ak aksyon konkrè. Se pa blan k ap sove nou. Se nou menm Ayisyen, ansanm, ki gen responsablite chanje direksyon peyi a.

Jodi a, li enpòtan pou tout sektè reflechi sou jan sistèm lan ap mache. Se pa tan pou n ap chèche kòz lòt kote. Fòk n aji, fòk n pran responsabilite. Se pa aletranje solisyon Ayiti ye. Se lakay li ye.
Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar