Reprezantan Ayiti ONG PROGETTOMONDO/ PMM nan Leonel CETOUTE lanse ofisyèlman mèkredi 16 jiyè 2025 lan projè an kaskad JÈN YO LA nan depatman sant ak 4 konsòsyòm òganizasyon kote chak konsòsyòm genyen 3 asosyasyon ki repati sou wo ak ba plato santral.

Nan entèvansyon li, reprezantan Mesye CÉTOUTE fè konnen; Jèn yo la se yon pwogram ki vize entegrasyon jèn yo ak fanm yo nan politik, patisipe nan prochèn eleksyon yo pou chanje vizaj peyi a epi pou yo . Anplis li genyen yon volè edikasyon sivik pou Ayiti genyen sitwayen responsab e angaje. Genyen divès lòt aktivite tankou: sistèm alèt rapid kominotè, medyatè kominotè nan jesyon konfli.

Reprezantan PROGETT0MONDON a fini pou di pwojè jèn yo la finanse pa fon Nasyonzini pou konsolidasyon lapè (PBF).

Marie Ange-Nore PIERRE ki se kòdonatè òganizasyon « Communauté Solidaire pour le développement du Centre (CSDC) sou bò pa li di malgre te genyen anpil kontrent, anpil tan ekoule pou yo te reyisi rive nan siyati kontra yo men li kontan anpil paske yo rive simonte peryòd difisil yo. Li bay CISV, PMM, OJH, garanti konsòsyòm ki genyen CSDC, ROTARAC-CLUB Mibalè ak AJSODEC ap rive reyalize projè li a nan komin Boukankare ak Mibalè pou bouste jèn yo enplike plis nan politik pou lave vizaj Ayiti ki ap depafini e y ap fè yon meyè jesyon de fon yap resevwa pou montre jèn yo ka aji nan onètete pou rebati Ayiti.

Pilwen li di òganizasyon sa yo jwenn yon finansman 10 000 dola ameriken pou reyalize ti pwojè ki ap dire 3 mwa ki ap fini nan mwa desanm pou pita.

Donacien Gladjimy, responsab AJSC (Association des Jeunes Solidaires de Cerca-la-Source) ki fè pati de konsòsyòm Sèkalasous la ki genyen 2 lòt òganizasyon, kise : AJIDEL (Association des Jeunes Intégrés pour le Développement de Losposos/Responsab Msr Fednel Sassuel) epi AVAC (Association des Visionnaires en Action de Cerca-la-Source/Responsab Msr Gaudfway Gabriel), di se 3 Asosiyasyon sa yo ki pral gen pou egzekite nòmalman pwojè an kaskad ke yo te ekri pou komin Sèkalasous. Li rapousib pou di konsènan kontra ke yo rive siyen avanyè mèkredi 16 jiyè a, yo konsidere sa kòm yon gwo pa nan kalandriye aksyon ke PROGETTOMONDO/OJH malgre enkyetid kite gentan genyen bò kote pa yo. Li di aprè anpil monte desann nan Ench, nan Potoprens, yo estime ke moman final la rive pou nou kòmanse konkrètman, nan kad òganizasyon yo, patisipe nan fòme jèn fi ak jèn gason yo nan komin nan a travè sa ki gen a wè a vyolans elektoral, kijan e nesesite pou yo patisipe nan pwosesis elektoral la nan tout nivo paske yo se aktè chanjman , donk se toujou nan kontinite ak gwo pwojè ki t ap egzekite pa Konsòsyòm PROGETTOMONDO/OJH/ CISV.

Li fini pou di yo santi yo kontan paske yo rive nan faz sa a, e konye a y ap tann kalandriye aksyon an nan men responsab yo e ke yo swete byen rapid lajan an kòmanse debloke pou ke yo kòmanse otomatikman a fè sa ke nou te prevwa nan kaladriye nou pou fè nan kad pwojè sila.

N ap raple konsòsyòm PMM/ CISV, Groupe medialternatif ak OJH te lanse apèl ak pwopozisyon pwojè yo nan dat 10 oktòb 2024 pou òganizasyon jèn nan depatman Lwès, Latibonit ak Sant. Apèl la te sible 13 ti pwojè an rezon de 5 nan Lwès, 4 nan Latibonit ak 4 nan Sant.

By Henry ALPHONSE

Jounalis ak Kominikatè Sosyal | Konsiltan nan Kominikasyon pou Devlopman Li se yon jounalis angaje ki gen eksperyans nan laprès ayisyèn, kote li te deja prezante nan jounal Le Nouvelliste, pi ansyen jounal chak jou nan peyi a. Kòm yon kominikatè sosyal, li mete talan li o sèvis devlopman kominotè atravè konsiltasyon ak animasyon pwojè. Li se kowòdonatè Consommateurs Solidaires, yon platfòm ki mete an rezo konsomatè ak pwodiktè ayisyen oubyen ayisyen desandan, pou fasilite echanj, kolaborasyon ak koperasyon. Platfòm sa a angaje l nan ankourajman pwodiksyon nasyonal, konsomasyon entelijan, devlopman dirab, antreprenarya jenès ak fanm, epi ekonomi sosyal ak solidaire. Travay li kontribye nan bati pon ant konsyans ekonomik ak inisyativ lokal.