Vandredi 18 jiyè 2025, Prezidan Kolonbyen an, Gustavo Petro, debake nan kapital Ayiti a ak tout ekip li ak sekirite lou. Konvwa li te klèman militè, ak zam lou vizib ak sòlda ame, jan plizyè videyo ak foto montre sa sou rezo sosyal. Menmsi kèk sous fè kwè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (CPT) ak Premye Minis Gary Conille te okouran oswa te otorize vizit la, kesyon prensipal la rete: Èske nenpòt otorite lokal gen dwa legal ak moral pou pèmèt yon prezidan etranje rantre ak zam lou sou teritwa nasyonal la, san limit ak kontwòl?

Okenn otorizasyon pa ka pase pi wo pase lwa entènasyonal ak prensip souverènte

Dapre Konvansyon Vyèn sou Relasyon Diplomatik (1961), se verite ke vizit ofisyèl yon chèf deta ka fèt ak akò bilateral. Men prensip fondamantal souvrennte eta yo pa pèmèt okenn gouvènman, menm legal, bay kat blanch pou zam etranje travèse fontyè li san jistifikasyon solid, klè ak piblik. Lè zam lou ak sòlda rantre sou teritwa yon peyi, sa pa rele “vizit diplomatik” ankò ,sa pwoche pi plis ak envitasyon militè, epi li mete an kesyon entegrite teritoryal peyi a.

Nan kontèks Ayiti, kote gang kontwole plizyè zòn, ak popilasyon an ap viv anba vyolans, envitasyon oswa otorizasyon pou zam etranje antre vin trayi sans responsabilite Leta. Vizit Petro a, menm si li te ofisyèl, se yon imaj grav kote yon peyi ki deja vilnerab ap resevwa zam etranje pa do pèp la, san okenn diskisyon demokratik, san transparans, e pi souvan, san konsantman popilè.

Eske “otorize” vle di “legitim”?

CPT la ak Premye Minis la pa t eli pa pèp la. Yo reprezante yon solisyon tranzisyon politik mete sou pye anba presyon entènasyonal. Konsa, malgre yo ka posede pouvwa de-fakto, yo pa gen lejitimite moral ni konstitisyonèl pou otorize aksyon ki mete souverènte peyi a an danje, espesyalman si sa pa fèt anba limyè ak ak konsantman nasyonal.

Se pa paske ou mete non “vizit diplomatik” sou yon aksyon, sa vle di li pa danjere. Si demen, nenpòt gouvènman tranzisyon otorize zam blende ak sòlda sòti nenpòt peyi antre Ayiti san kontwòl, èske n ap toujou pale de Leta oswa n ap pale de yon pouvwa komisyonè ki lage klè sou sa li reprezante?

Lwa pa ka sispann jijman moral pèp la

Gwo erè politik Ayiti fè depi lontan, se panse gen kèk aksyon ki legal paske yo te siyen pa otorite ki an plas. Men listwa montre nou ke se pa tout sa ki legal ki jis, e se pa tout sa yo otorize ki bon pou peyi a. Fòk pèp la aprann gade pi lwen pase papye. Fòk nou poze tèt nou kesyon: vizit Petro a, li sèvi ak Ayiti, oswa li sèvi ak enterè pwòp peyi pa li?

Soti MINUSTAH pou rive plan Kenya a, nou wè kijan “misyon etranje” ki rantre ak zam sou tè nou an sou non sekirite, vin pi souvan mete pi plis dega pase solisyon. Si Petro te pote solisyon vre, li ta pase pa diplomasi, pa dyalòg ak sosyete sivil, pa kolaborasyon ak enstitisyon Ayisyen yo, pa pa paradi zam ak sòlda nan lari Pòtoprens.

Vizit Prezidan Petro a se pa sèlman yon epizòd etranj; li se yon ekzamen moral ak politik sou ki jan nou wè tèt nou kòm pèp ak kòm Leta. Menm si CPT ak Premye Minis lan te otorize li, Ayiti pa dwe vin yon koridò diplomatik militè kote nenpòt chèf deta ka antre, mennen zam, simaye imaj dominasyon, epi soti san konsekans.
Peyi ki pèdi kontwòl sou moun ki rantre lakay li ak zam, se pa yon eta — se yon tè ki abandone.

Ayiti merite plis pase sa. Nou dwe mande kont, mande eksplikasyon, epi poze limit sou sa ki akseptab anndan nou kòm pèp, menm si pouvwa w ap gade a se yon pouvwa tranzisyon.

Jean Launy AVRIL, Redaktè Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar