Pierre Reginal Boulos ki nan prizon Ozetazini depi 16 jiyè 2025 pase a, deklare « li te pale, li te bay anpil enfòmasyon, anpil lòt moun pral rejwenn li nan prizon an. » N ap note, Boulos nan yon chanm prizon kote li pa gen kabann pou li kouche.
Dosye yo pa piti sou do Reginald Boulos, bagay la plis ke ICE, misye deklare ke pral gen yon kouri, anpil neg ap vin jwenn li nan prizon an:
Lajistis Ameriken akize Boulos de anpil krim, yo akize li nan asasina prezidan Jovenel la, yo akizel de blanchiman lajan, koripsyon, asosyasyon malfetè, sipòte gang an Ayiti ak anpil lot. Boulos ki te nan sant detansyon Alligator Alcatraz la transfere nan yon lòt sant detansyon. Yo kenbe misye paske li ta sanble te gen TPS li tap deye ajiste estati li pou rezidans. Misye ki te fet Etazini te renonse ak nasyonalite Ameriken li an. Boulos deklare tou ke li bay anpil enfòmasyon ak FBI e pral gen kouri, anpil neg ap vin jwenn li nan prizon an.
Sous: Valerio St Louis (Tele Image)