Plizyè ajan Fòs lame DAyiti pral benefisye tou seyans fòmasyon an Kolonbi, aprè Meksik, Brezil ak Giyàn fransèz.
Se prezidan Gustavo Petro ki fè anons lan kèk èd tan aprè dezyèm vizit li an Ayiti, vandredi 18 jiyè 2025 lan. Pou moman an, pa ankò genyen okenn dat ki fikse.
Yon lòt kote, chèf Leta kolonbyen an pwofite pou remèsye nasyon ayisyèn nan ki nan pase te ede zansèt li yo pami yo jeneral Miranda ak Simón Bolivar nan batay yo pou pran endepandans. Gustavo Petro raple drapo kolonbyen an te koud pa kèk fanm nwa ak lib.
N ap raple, prezidan peyi Kolonbi a te debake an Ayiti pou yon vizit ofisyèl, vandredi 18 jiyè pase a. Dezyèm vizit Gustavo Petro a enskri l nan yon dinamik koperasyon 2 peyi yo sitou an matyè sekirite, daprè otorite tranzisyon yo. Se kowòdonatè Konsèy prezidansyèl tranzisyon an Fritz Alphonse Jean ki te akeyi chèf Leta kolonbyen an, pandan li te resevwa salitasyon pwotokolè dizaj.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE